POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 3 jiyè 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

APRANN DIRAN VAG ETE M-DCPS LA KÒMANSE JEDI 5 JIYÈ

Aprann Diran Vag Ete 2012 Lekòl Leta Miami-Dade, yon asòtiman òf edikasyonèl inovatif, ap kòmanse 5 jiyè.  Dat fonksyonman jeneral yo se 5 jiyè – 1ye out pou elèv lekòl elemantè ak mwayen.  Kèk òf ap gen yon orè altènatif.

Pwogram Aprann Diran Vag Ete a ofri twa diferan vag ansèyman men ki gen rapò youn ak lòt.  Chak vag adrese bezwen akademik elèv yo nan tout nivo ane eskolè yo nan toude òf yo, tradisyonèl ak ansèyman sou Entènèt.

Vag yo gen ladan ‘‘R-Learning Wave,’’ ki ede elèv ki bezwen remedyasyon nan sijè debaz oubyen ratrape kou ak devwa yo pat pase.  “C-Learning” nan pèmèt elèv yo kontinye ak ladrès ansèyman pou konpanse konesans yo pèdi pandan sezon ete a e  “E-Learning Wave” la bay elèv yo aksè sou pwogram edikasyonèl elektwonik sou  Entènèt ak sèvis edikasyonèl eksteryè.

Yo mande chofè pou yo obeyi zòn limit vitès lekòl e pou yo fè atansyon pou pyeton nan zòn pou travèse devan lekòl yo.

Pou plis enfòmasyon sou Aprann Diran Vag Ete a, vizite http://summerschool.dadeschools.net/ oubyen rele 305-273-2830.

 

###

12-JJS/423/DF/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès