POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 11 jiyè 2012                  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

NÒT PÈFÒMANS LEKÒL POU LEKÒL LETA MIAMI-DADE POSTE PI WO PASE ATANT

Nòt pèfòmans pou lekòl leta Miami-Dade County tounen siyifikativ pi wo pase atant jodi a, kote mwayèn yo piwo pase pa eta a nan yon nonb matyè, daprè enfòmasyon “Florida Department of Education (FLDOE)“ (Depatman Edikasyon nan Florid) pibliye maten an.
 
Ane pase FLDOE a te tranzisyone soti nan “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif Florid) pou FCAT 2.0 ki sèvi ak yon nouvo evalyasyon. FCAT 2.0 a mezire nouvo estanda yo t ap sèvi pandan de (2) dènye ane yo. Anplisdesa, Eta a devlope yon nouvo fòmil pou nòt lekòl yo.  Baze sou tout chanjman sa yo, yo te atann pou nòt pèfòmans lekòl yo desan ane sa a, e se sak fèt, daprè enfòmasyon eta a pibliye jodi a. Malgre chanjman drastik fòmil nòt la, lekòl Miami-Dade yo te debouye yo pi byen pase atant nan matyè ki ap suiv yo:
 
• Pousantaj lekòl A nan Miami-Dade bese sèlman de 11 pousan pandan lekòl A atravè Florid la tonbe de 15 pousan.  Rejyonalman, Miami-Dade konpare favorabman ak distri lekòl vwazen ki wè nòt lekòl A bese de 20 pousan.
• Pousantaj lekòl D nan Miami-Dade ogmante sèlman a 3 pousan; lekòl D atravè Florid la ogmante de 4 pousan.
• Pousantaj lekòl F nan Miami-Dade pa t ogmante, pandan lekòl F atravè Florid la ogmante de 1 pousan.
 
Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Ane sa a done FCAT demontre vizavi
estanda e demand ki ogmante drastikman, elèv ak edikatè nou yo remèt
rezilta ki depase atant kèlkeswa moun. Mwen ap felisite efò kominote a nan
amelyore kalite edikasyon nan Miami-Dade… Nòt pèfòmans elèv nan evalyasyon
nasyonal tankou “National Assessment of Educational Progress – Trial Urban
District Assessment (NAEP-TUDA)” (Evalyasyon Pwogrè Edikasyonèl Nasyonal  – Esè Evalyasyon Distri Iben) sipòte verite sa a. Pou yon senkyèm fwa yo rekonèt M-DCPS kòm yon finalis pou “Broad Prize” (Prim Broad) pou pwogrè nan fèmen diferans ant siksè pami elèv yo.”
 
Nou dwe note Eta reyajiste fòmil nòt lekòl yo nan yon fason ki korije lekòl
elemantè ak lekòl segondè.  Fòmil sa a, sepandan, egzajere koreksyon lekòl
mwayen yo nan yon mannyè pou pini, ki evidan nan ogmantasyon siyifikativ lekòl
mwanyen ki fè yon F atravè eta.
 
Miami-Dade te rive leve tout lekòl ki te fè yon F ane pase, eksepte youn, e sa
Demontre, nan kalkilasyon nòt lekòl ki pi rijid, li toujou posib pou avanse siksè
elèv e responsablite lekòl. Menm ak ogmantasyon nonb lekòl F ane sa a anba
estanda Eta a ki pi rèd, nonb lekòl F yo toujou pi ba pase sa ane 2008.
 
Yo ap pibliye nòt lekòl segondè pita ane sa, pou pèmèt yo rantre ladan dosye gradyasyon.

 

###

12-JS425/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès