|

POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 12 jiyè 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
ALEXANDRE LOPES, MEYÈ PWOFESÈ M-DCPS POU ANE A, SE MEYÈ PWOFESÈ FLORID POU ANE 2013
Yo te nonmen Alexandre Lopes, yon pwofesè Edikasyon Espesyal Klas Matènèl nan Lekòl Elemantè Carol City pou Prim Meyè Pwofesè pou Ane 2013 Macy’s Depatman Edikasyon Florid la. Yo te chwazi Lopes nan yon selebrasyon gala ki te fèt nan Hard Rock Live Universal Studios nan CityWalk, Orlando.
Alberto M. Carvalho, Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County di, "Tèm konpetisyon an se te 'Magic!' (Mèvèy!) e Alex te definitivman yon pa ann avan… Li fè mèvèy nan salklas li a chak jou, nan pataje ladrès ekselan li yo avèk timoun ki gen difikilte e yo benefisye mèvèy li pote pou yo."
Yo te chwazi Lopes, ki soti Brezil, pami plis pase 20,000 pwofesè nan tout Miami-Dade e pami 180,000 nan tout eta Florid la pou onè a. Li dirije yon klas “Learning Experience Alternative Program (LEAP)” (Pwogram Eksperyans Aprantisaj Altènatif) pou elèv klas matènèl. Plizyè nan timoun li yo gen otis, yo pa ka pale oubyen ale nan twalèt poukont yo. Li sèvi ak mizik e dans pou l anseye e kominike avèk yo. Se Macy’s ki patwone prim nan. Komisyonè Edikasyon Gerard Robinson te prezan pou fè anons la. Lopes pral nan konpetisyon pou tit nasyonal la.
###
12-JS/427/GC/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |