POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 13 jiyè 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

NÒT DISTRI LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY KENBE FÈM TANDISKE NÒT ANPIL LÒT DISTRI LEKÒL DESANN

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) retni yon nòt B, pou pèfòmans distri a pandan prèske 60 pousan lekòl nan lòt distri nan Florid desann yon lèt nòt, daprè enfòmasyon ki soti nan “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) jodi a.  Bon nouvèl la vini malgre yo ogmante estanda yo e egzamen estandadize yo pi difisil ane sa a, ki vin fè nou te atann gwo bès nan nòt endividyèl lekòl yo.

Sipèentandan Lekòl yo Mesye Alberto M. Carvalho di, “Pwofesè nou yo, elèv nou yo ak kominote a genyen anpil pou yo fyè… Devan toude yon FCAT ki pi difisil e kalkil nòt yo ki pi wo, distri nou an debouye li pou li kenbe pwòp nòt li e aktyèlman fè pi byen pase plizyè gran distri nan Florid.

Daprè enfòmasyon FLDOE, 39 nan 67 distri ki resevwa nòt pou toude ane yo desann, pandan M-DCPS kenbe fèm. Ventuit distri kebe menm nòt yo e okenn pa amelyore. 

Ane pase FLDOE a te tranzisyone soti nan “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif Florid) pou FCAT 2.0 ki sèvi ak yon nouvo evalyasyon. FCAT 2.0 a mezire nouvo estanda yo t ap sèvi pandan de (2) dènye ane yo.  Anplisdesa, Eta a devlope yon nouvo fòmil pou nòt lekòl yo.  Baze sou tout chanjman sa yo, yo te atann pou nòt pèfòmans lekòl yo desann ane sa a, e se sak fèt, daprè enfòmasyon eta a pibliye jodi a. Malgre chanjman drastik fòmil nòt la, lekòl Miami-Dade yo te debouye yo pi byen pase sa moun te atann.

 

###

12-JS428/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès