POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 20 Jiyè 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN CARVALHO DEVWALE NOUVO
LATRIYE BIS M-DCPS

          
 Sipèentandan Alberto M. Carvalho devwale nouvo latriye bis distri a maten an nan depo bis distri lekòl la.
          
255 nouvo bis gaz dizèl-pwòp yo se veyikil ak efikasite trè wo ki pral redui anprent kabòn distri lekòl la, ranplase ansyen bis yo e ki ap redui frè konsomasyon gaz ak antretyen yo.  Bis ak klimatizè yo genyen yon ankadreman inik devan yo ki rann chofè gen plis vizibilite.  Wondèl fren an ak fren elektwonik la ajoute sou sekirite elèv.

Nou atann pou nouvo bis yo prèske double mileyaj (kilomèt) pa galon gaz ansyen bis yo. Yo prèske pa pwodui difisyon gaz danje, e difizyon kabòn monoksid yo a zewo. Bis sa yo pral sèvi atravè county an.
 
“Suntrust Equipment Finance & Leasing Corp.” (Kòparasyon Suntrust pou Finanman e Lokasyon Ekipman) ofri yon finans istorikman ba a 2.12 pousan diran peryòd 10 ane. Orijinalman, distri a te planifye pou achte 250 bis e li negosye yon bon afè pou senk bis adisyonèl.  Akoz ekonomi yo pwojte modènizasyon bis yo, distri a atann pou reyalize yon pwofi pou prezan valè ekonomi an a 1.4 milyon. Nou ap reyalize ekonomi an atravè rediksyon pri pou antretyen efikasite gaz, pi gran depandans e pèfòmans sou wout pou rive alè.

          

 

###

12-JJS/430/GC/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès