POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 18 jiyè 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

 

KOMISYON KONSÈY LEKÒL LA ALINANIMITE APWOUVE BIDJÈ PWOVIZWA SIPÈENTANDAN CARVALHO A

MIAMI – Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florid alinanimite apwouve bidjè pwovizwa ak pousantaj taks sou pwopriyete Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te pwopoze pandan reyinyon mansyèl la mèkredi.

Bidjè pwovizwa $3.749 milya a gen ladan yon pousantaj taks $7.998 pou chak $1,000 yo evalye sou valè pwopriyete, yon rediksyon de pousantaj taks ane dènye a. Plan an pwoteje pwofesè, salklas, depans lekòl, sèvis pou elèv ki gen andikap, opsyon chwa parantal, ak pousantaj kredi distri a. Li redui tou pousantaj taks pwopriyete a pou pwopriyetè kay Miami-Dade County e li pwoteje rezèv distri yo. Bidjè a pa enpoze “furlough” ranvwa jou travay san peye, ranvwaye pwofesè, oubyen redui pwogram vital tankou ar yo, mizik, ak edikasyon fizik e bileng.

Sipèentandan Carvalho di “Baze sou enpòtans lide moun ki konsène soti nan paran, pwofesè ak endividi nan sektè prive a, bidjè ‘Konsantrasyon sou Salklas’ sa a pral satisfè bezwen elèv nou yo ak distri lekòl la”.

Komantatè ki reprezante P.T.A. a, mendèv ak kominote biznis la te pale nan reyinyon an pou bay sipò yo pou pwopozisyon bidjè pwovizwa pou Ane Fiskal 2012-2013 la. 

###

12-JJS/431/TC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès