|
31 LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY RESEVWA NÒT PÈFÒMANS “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) enfòme Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Alberto M. Carvalho 31 lekòl Miami-Dade County resevwa pi bon nòt pèfòmans de nòt yo te rapòte orijinalman yo. Nòt amelyore yo se rezilta elèv nivo 1 ak nivo 2 ki pat resevwa ase pwen kredi pou tout pwogrè yo te fè nan sa yo aprann pandan yon ane. Pwen adisyonèl sa yo pa t antre nan kalkil orijinal FLDOE a. Mete pwen elèv nivo 1 ak nivo 2 pou sa yo aprann anplis sou nòt yo te genyen ane pase se sa nou te rekòmande nan “task force” (ekip pou fè rekòmandasyon) kote Miami-Dade te patisipe.
·Lekòl ki amelyore soti yon B pou vin yon A: Ruben Dario Middle, Sylvania Heights Elementary, Seminole Elementary, Peskoe K-8, Olinda Elementary, Miami Springs Elementary, Melrose Elementary, West Hialeah Gardens Elementary, Howard Drive Elementary, Chapman Elementary, Downtown Miami Charter, Keysgate Charter ak International Studies Charter Middle ·Lekòl ki amelyore soti yon C pou vin yon B: Richmond Heights Middle, Country Club Middle, Nautilus Middle, Lake Stevens Middle, W. Homestead Elementary, Riverside Elementary, Benjamin Franklin K-8, Campbell Drive K-8, ak Aspira Charter ·Lekòl ki amelyore soti yon D pou vin yon C: North Dade Middle, Horace Mann Middle, Jose de Diego Middle, Cutler Ridge Middle, Hibiscus Elementary, Florida City Elementary ak Citrus Grove Elementary ·Lekòl ki amelyore soti yon F pou vin yon D: Allapattah Middle ak Florida International Academy. Pwogrè elèv nivo 1 ak nivo 2 nan sa yo aprann ki pat antre nan nòt orijinal lekòl yo te gen yon efè negatif e anpatikilye sou lekòl mwayen nan lekòl Miami-Dade County e atravè eta a. Miami-Dade pral revize nòt tout lekòl li yo yon fwa pwosesis apèl la kòmanse pou asire kalkil FLDOE yo kòrèk.
### 12-JS/434/CF
|