POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 27 jiyè 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

AKADEMI NAF MIAMI-DADE COUNTY POTE LÒ LAKAY

Yo te rekonèt Akademi “NAF (National Academy Foundation)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) Lekòl Leta Miami-Dade County yo, elèv ak edikatè li yo pou akonplisman yo nan yon konferans NAF ki te fèt resamman. “NAF Next: Experience Learning that Works!” (Pwochen NAF: Fè Eksperyans nan Aprantisaj ki Efikas!) se yon eksperyans aprantisaj pwofesyonèl ki te motive inovasyon e difize pratik efikas nan rezo NAF la atravè aprantisaj san parèy ak opòtinite pou fè rezo. Konferans apwofondi sa a te fèt nan Washington, D.C. 16-19 jiyè e patisipan yo se te administratè ak pwofesè ki soti nan 22 lekòl segondè leta Miami-Dade County, ak pos-segondè e patnè endistri biznis ki sipòte Akademi NAF yo. Arne Duncan, Sekretè Edikasyon Etazini, te felisite edikatè yo pou “…travay pou asire tout e chak elèv nan yon akademi NAF resevwa yon edikasyon dewot kalite.”

Miami te pote lò lakay nan prim ak bousdetid:

  • Dtè. Lupe Ferran Diaz, Direktris, Chwa Lekòl ak Opsyon Parantal te gaye Prim “Leadership Janet Linton”, ki rekonèt kontribisyon ekstrawòdinè ak direksyon anndan rezo NAF la nan nivo lekòl, distri ak eta a.
  • Yo te rekonèt Erich De La Fuente, Prezidan, Kominikasyon EDF ak premye gradye “Hospitality & Tourism (AOHT)” (Ospitalite ak Touris) nan Lekòl Segondè Miami Springs an 1989 kòm yon Benefisyè Ansyen Elèv NAF ki te jwenn siksè nan kolèj/karyè e demontre yon espri antreprenè oubyen filantwopilk.
  • Yo te onore pwogram AOHT nan Lekòl Segondè Miami Beach ak Miami Norland ak deziyasyon NAF kòm Akademi Distenge Nasyonal pou premye fwa – yon prim ki rekonèt pwogram avèk pratik eksepsyonèl kòm egzanplè nan rezo a.
  • “Academy of Finance (AOF)” (Akademi Finans) Lekòl Segondè Southwest Miami te resevwa kondisyon Akademi Distenge Nasyonal pou yon dezyèm ane konsekitif.
  • Ana Medina, gradye Lekòl Segondè G. Holmes Braddock te resevwa Bousdetid Nasyonal (Bousdetid Akademi Resous Enfòmatik Kelly IT) e Fabiana Ferrer, gradye Lekòl Segondè Miami Springs (Bousdetid AOHT Marriott International ak Bousdetid AOHT American Express Jesse Blackman).

Anplis, pwofesè, administratè, anplwaye distri, lidè endistri ak pos-segondè Miami yo ki te prezante nan seminè aprantisaj sou 23 akademi ak tèm yo, te patisipe nan yon jounen entansif sou biznis e te pran wòl lidè nan sesyon ann asanble, sesyon motivasyon ak lòt evènman.

Apwopo Fondasyon Akademi Nasyonal la
“National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) la se yon rezo nasyonal akademi karyè pou sipòte devlòpman jèn ann Amerik yo pou jwenn siksè pèsonèl ak akademik nan lekòl segondè, edikasyon siperyè ak atravè karyè yo.  Pou prèske 30 ane, NAF rafine yon modèl efikas ki bay jèn moun aksè nan kourikoulòm ki baze espesifikman sou endistri, eksperyans aprantisaj ki baze sou travay, e relasyon avèk pwofesyonèl biznis.

Lekòl Leta Miami-Dade County, anba direksyon Chwa Lekòl ak Opsyon Parantal, gen 48 pwogram NAF nan 25 lekòl segondè ki kouvri sijè karyè Finans, Ospitalite ak Touris, Enfòmatik, Syans Jeni ak Sante.

Pou plis enfòmasyon sou pwogram NAF Lekòl Leta Miami-Dade County yo, silvouplè kontakte Chwa Lekòl ak Opsyon Parantal nan 305 995-1922 oubyen http://choice.dadeschools.net.

 

###

012-JJS/436/VVL/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès