POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 1ye out 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

***NÒT POU LAPRÈS***

AKTÈ PATRICIO DOREN SE ORATÈ ESPESYAL NAN
GRADYASYON LEKÒL ADILT MIAMI

 

Amanda Ortiz, yon elèv nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap pèfòme Im Nasyonal la nan gradyasyon Lekòl Adilt Miami pandan (goch a dwat) aktè Patricio Doren, Direktè Alan Bashaw ak Asistan Direktè Israel Katz ap koute.  Doren te oratè espesyal pou gradyasyon Lekòl Adilt Miami, 31 jiyè.  Pandan evènman an, plis pase 300 elèv te resevwa sètifika akonplisman pou diferan karyè teknik ak ladrès debaz. Nèf ki te gradye lekòl segondè te resevwa diplòm lekòl segondè yo.  Divizyon Edikasyon Adilt M-DCPS ofri plis pase 70 pwogram etid nan karyè teknik ak edikasyon adilt.  Plis pase 69,000 elèv patisipe nan klas lajounen ak aswè nan 21 sant edikasyon adilt atravè konte a.  Enskripsyon ouvè kounye a pou pwochen sesyon an k ap kòmanse 20 out.

 

###

012-JS/440/GC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès