POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 13 out 2012

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ETA A APWOUVE REFERANDÒM SOU BON KAPITAL LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY A

“The Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) apwouve demann Lekòl Leta Miami-Dade County pou l bay yon Bon “General Obligation (GO)” (Obligasyon Jeneral) $1.2 milya. Revizyon FLDOE a te gen ladan valide bezwen pwojè yo, konfime defisi nan fon disponib e revize plan finansman Bon GO yo pwopoze a.
 
Apwobasyon votè yo sou Bon GO a esansyèl pou Distri a puiske l ap chèche yon solisyon alontèm ki dirab nan ofri tout elèv Miami-Dade yo Lekòl 21yèm Syèk. Bon yo pwopoze bay la ap fè yon efè minim sou pwopriyetè kay tipik la -- yon pwojeksyon $10 nan premye ane a.  
 
Apwobasyon Bon GO a kounye a fè sans paske y ap fin peye GO yo te bay an 1988 yo, donk pwopriyetè kay yo pap sibi yon ogmantasyon siyifikatif nan taks yo.  Pri konstriksyon yo pi ba anpil pase pik yo, e to enterè yo istorikman ba.  Vote GO yo kounye a kritik pou yo pa ajoute sou frè takspeyè yo.
 
Bezwen kapital Distri a se yon priyorite administrasyon distri a toujou genyen e li se yon sijè enkyetid ki ap repete pou manm Komisyon Konsèy yo. Atravè 7 dènye ane yo, Distri a fè gwo efò pou l bati nouvo ak ranplasman lekòl atravè distri a, nan antisipasyon reyalizasyon konplè manda sou kantite elèv ki nan salklas la. An total, Distri a te ajoute plis pase 100,000 plas pou nouvo elèv.

Puiske pifò finansman kapital resan an fini nan bati nouvo lekòl oubyen ajoutman, reparasyon ansyen lekòl yo pat rive fèt. Prèske mwatye nan etablisman lekòl Distri a gen plis pase 40 an, e plis pase yon tyè gen plis pase 50 an. Defisi nan mache imobilye a atravè senk dènye ane yo e deklen nan finansman kapital eta a agrave defisi nan finansman kapital la.  Li enposib pou Distri a adrese bezwen lekòl k ap vyeyi yo k ap anpile e finanse teknoloji dènye kri pou tout lekòl san yon solisyon votè yo apwouve.

Inisyativ Lekòl 21yèm Syèk la pral ofri pwosperite ak sekirite nan kominote a paske yo pral envesti kapital ki soti deyò konte yo anndan kominote lokal la, e elèv yo pral pi byen prepare pou ekonomi global 21yèm Syèk la.  Benefis alontèm kontinyasyon Pwogram GO a an 2012 depase lontan ogmantasyon minim nan taks yo.

Yo chaje votè yo pou yo detèmine si bezwen alontèm etablisman lekòl yo k ap benefisye yon nouvo jenerasyon elèv merite kontinyasyon Pwogram GO a nan otorize Bon GO $1.2 milya a an 2012.

Bon yo pral ede amelyore pwoteksyon ak sekirite nan etablisman lekòl yo; renove oubyen modènize chak lekòl; garanti egalite nan teknoloji atravè tout lekòl; mande ide moun ki konsène pandan y ap minimize fado takspeyè yo; pwomouvwa patnè piblik/prive; ofri devlòpman ekonomik ak opòtinite pou travay nan kominote nou an; e ofri transparans ak konfidans avèk yon komite konsèy sitwayen pou asire distribisyon pwojè yo fèt alè e ak egalite.  Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho bay yon garanti 100 pousan sou re-envestisman fon yo lokalman.

###

12-JJS/443/jjs/rl

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès