|
TO GRADYASYON FEDERAL LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY RIVE NAN NIVO ISTORIK APRE SENK PWEN POUSAN OGMANTASYON, LI DEPASE PÈFÒMANS ETA A To gradyasyon “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ogmante prèske senk pwen pou ane akademik 2011-2012 la, jan yo kalkile li nan machasuiv Depatman Edikasyon Etazini. Selon kalkil federal yo, to gradyasyon pou 2010-11 te 71.3 pousan; ane sa a li ogmante 76.0 pousan, e li depase eta a nan toude, to ogmantasyon ak total pwen pousantaj. Sipèentandan Miami-Dade Alberto M. Carvalho di, “Anba kritè ki pi rijid ak machasuiv federal ki pi egzijan, sistèm nou an kontinye ap grandi… Sa se yon mezi siksè anplis ki nòmalman dwe fè kominote nou an vrèman fyè. Nou apresye pwofondeman konsantrasyon ak detèminasyon san rete pwofesè ak lidè nou yo anvè ogmantasyon to gradyasyon an.” Ann oktòb 2008, “U.S Department of Education (USED)” (Depatman Edikasyon Etazini) te amande Akò sou Edikasyon Elemantè ak Segondè 1965 la, jan Akò Okenn Timoun pap Ret Dèyè 2001 an amande li, pou mete ladan nouvo règ pou to gradyasyon yo. Nouvo règleman sa yo mande chak eta pou yo kalkile yon koleksyon to yo ajiste, ki gen ladan diplòm estanda men ki pa konsidere toude, diplòm regilye ak espesyal adilt. USED ap adopte metòd kalkil sa a nan yon efò pou modènize kalkil to gradyasyon yo pou rive jwenn to ki inifòm, presi, e konparab atravè tout eta yo. Eta yo dwe kòmanse kalkile nouvo to gradyasyon an avan 2010-11 e sèvi avèk li nan sistèm responsablite a an 2011-12. Lè yo kalkile to gradyasyon federal lekòl segondè MDCPS ann aryè, yo wè li ogmante konstamman pandan kat dènye ane yo. To a amelyore soti 62.0 an 2008-09 rive 76.0 an 2011-12. Amelyorasyon nan to gradyasyon distri a te posib gras ak yon plan detaye pou adrese nouvo estanda responsablite lekòl segondè yo. Yo te mete kou ratrapaj pou kredi disponib sou Entènèt pou elèv pou ba yo asirans y ap kapab ratrape travay klas yo bezwen yo. Peryòd adisyonèl nan jounen lekòl la bay elèv yo kou akselerasyon ak opòtinite pou ratrape kredi. Yo bay konseye lekòl segondè yo fòmasyon pwofesyonèl sou kijan pou yo ede elèv ratrape kredi yo bezwen yo. Anplis, pou bay elèv sa yo yon tranzisyon ki pi fasil pou etid nan lekòl segondè, Distri a te kòmanse konsantre atansyon li byen bonè sou enpòtans gradyasyon, kòmanse avèk lekòl mwayen. Adisyonèlman, yon pwogram lekòl konplè ann ete te ofri elèv opòtinite pou yo ratrape travay klas yo.
### 12-JS/553/ER/CM
|