|
SIPÈENTANDAN ALBERTO CARVALHO AKEYI APWOKSIMATIVMAN 350 NOUVO PWOFESÈ NAN DISTRI LEKÒL LA MIAMI – Sipèentandan Lekòl Miami-Dade yo Alberto M. Carvalho akeyi 350 nouvo pwofesè nan distri lekòl la jodi a nan yon oryantasyon ki te fèt nan Lekòl Segondè Miami Jackson. Msye. Carvalho di nouvo pwofesè yo, “Se nou menm ki la pou reyalize rèv… Ou dwe enspire elèv ou yo avèk tout respè e onè yo merite.” Msye. Carvalho enfòme pwofesè yo anpil elèv nan distri a ap viv nan povrete e li di nouvo pwofesè yo, “Se responsablite nou pou remonte moral yo e pale pou yo. Ou menm, kòm moun ki la pou reyalize rèv, se ou menm ki pral kase chèn povrete a.” Miami Jackson se lekòl ideyal pou Sipèentandan an akeyi nouvo pwofesè yo; Carvalho te kòmanse karyè li avèk distri lekòl la kòm yon pwofesè fizik nan lekòl sa a.
### 12-JJS/444/JJS/CM
|