SIPÈENTANDAN CARVALHO ‘GOES OVER THE EDGE’ (PRALE SOU PANT LA) MIAMI-Sipèentandan Lekòl Miami-Dade yo Alberto Carvalho prale sou pant la — nan glise desann sou kote mi youn nan bilding ki pi wo nan Miami yo pou kolekte fon pou benefisye timoun ak fanmi yo nan zòn Liberty City. Carvalho pral plonje desann 17 out a 4: 30 nan aprèmidi nan glise desann soti nan 19yèm etaj ki gen pisin bilding sipèb JW Marriott Marquis vil Miami kòm yon pati "Over the Edge," yon aktive amizan e entè-aktif pou kolekte fon, ki atire anpil atansyon ak siksè atravè peyi a. Aktivite a pral benefisye " Miami Children’s Initiative " (Inisyativ Timoun Miami), ki ap travay ak jèn, paran, rezidan, ak lòt moun pou benefisye Liberty City nan bay aksè sou bonjan lekòl ak bay elèv sipò pou yo ka gradye nan lekòl segondè e ale nan kolèj. Yo mande patisipan "Over the Edge" yo pou kolekte yon montan minimòm $2,500 pou benefisye Inisyativ Timoun Miami yo — yon òganizasyon 501(c) (3), ki pa la pou fè pwofi ki vize pwosperite Liberty City. JW Marriott Marquis lokalize nan 255 Biscayne Blvd. Way, Miami, FL 33131.
### 12-JJS/446/SD
|