|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 16 out 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE COUNTY APWOUVE REFERANDÒM SOU BON NAN BILTEN VÒT NOVANM NAN
Nan reyinyon 15 out li a, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County apwouve plase yon referandòm sou Bon “General Obligation (GO)” (Obligasyon Jeneral) $1.2 milya devan votè yo nan eleksyon 6 novanm nan. Revni k ap soti lè yo fin vote bon yo ap sèvi pou modènize ak bati lekòl atravè distri a, ki gen ladan mete teknoloji ajou nan tout lekòl yo.
“Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) la apwouve demann pou bay Lekòl Leta Miami-Dade County yon Bon GO semèn dènyè. Revizyon FLDOE te gen ladan valide bezwen pwojè yo, konfime defisi nan disponiblite finansman e revize plan finansman Bon GO yo pwopoze a.
Apwobasyon votè yo sou Bon GO yo esansyèl pou Distri a pandan l ap chèche yon solisyon alontèm ki dirab pou l ofri tout elèv Miami-Dade yo Lekòl 21yèm Syèk. Bon yo pwopoze bay la ap fè yon efè minim sou pwopriyetè kay tipik la – yon pwojeksyon $10 nan premye ane a.
Apwobasyon Bon GO a kounye a fè sans paske y ap fin peye GO yo te bay an 1988 yo, donk pwopriyetè kay yo pap sibi yon ogmantasyon siyifikatif nan taks yo. Pri konstriksyon yo pi ba anpil pase pik yo, e to enterè yo istorikman ba. Vote GO yo kounye a kritik pou yo pa ajoute sou frè takspeyè yo.
Jwenn yon solisyon pou satisfè bezwen kapital Distri a se yon priyorite administrasyon distri a toujou genyen e li se yon sijè enkyetid k ap repete pou manm Komisyon Konsèy yo. Atravè sèt dènye ane yo, Distri a fè gwo efò pou l bati nouvo ak ranplasman lekòl pou l ankonfòmite avèk manda sou kantite elèv ki nan salklas la. An total, Distri a te ajoute plis pase 105,000 plas pou nouvo elèv.
Puiske pifò finansman kapital resan an fini nan bati nouvo lekòl oubyen ajoutman, reparasyon ansyen lekòl yo pat rive fèt. Prèske mwatye nan etablisman lekòl Distri a gen plis pase 40 an, e plis pase yon tyè gen plis pase 50 an. Defisi nan mache imobilye a atravè senk dènye ane yo e deklen nan finansman kapital eta a agrave defisi nan finansman kapital la. Li enposib pou Distri a adrese bezwen k ap anpile nan lekòl k ap vyeyi yo e finanse teknoloji dènye kri pou tout lekòl san yon solisyon votè yo apwouve.
Inisyativ Lekòl 21yèm Syèk la pral ofri pwosperite ak sekirite nan kominote a paske yo pral envesti kapital ki soti deyò konte yo anndan kominote lokal la, e konsa elèv yo pral pi byen prepare pou ekonomi global 21yèm Syèk la. Benefis alontèm kontinyasyon Pwogram GO a nan 2012 depase lontan ogmantasyon minim nan taks yo.
Yo chaje votè yo pou yo detèmine si bezwen alontèm etablisman lekòl yo k ap benefisye yon nouvo jenerasyon elèv merite kontinyasyon Pwogram GO a nan otorize Bon GO $1.2 milya a an 2012.
Bon yo pral ede amelyore pwoteksyon ak sekirite nan etablisman lekòl yo; renove oubyen modènize chak lekòl; garanti egalite nan teknoloji atravè tout lekòl; mande ide moun ki konsène pandan y ap minimize fado takspeyè yo; pwomouvwa patnè piblik/prive; ofri devlòpman ekonomik ak opòtinite pou travay nan kominote nou an; e ofri transparans ak konfidans avèk komite konsèy ak siveyans sitwayen pou asire distribisyon pwojè yo fèt alè e ak egalite. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho bay yon garanti 100 pousan sou re-envestisman fon yo lokalman.
###
12-JS/448/JS/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |