POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 17 out 2012                   

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS PRAL BAY ELÈV KI KALIFYE ÒDINATÈ POU $25

Nan otòn ki ap vini an, elèv 9yèm ane eskolè ki kalifye pral gen yon opòtinite pou achte yon odinatè “netbook” tounèf pou pri ekstrawòdinè $25.  Se vre, $25.  Sa ka parèt twò bèl pou w kwè, men se laverite, gras a yon don federal pou pwogram fòmasyon debaz nan òdinatè “LINK – Learn Ideas, Navigate Knowledge” (Aprann Ide, Navige Konesans).
 
Distri lekòl la prevwa li ka itilize plis pase yon milyon dola nan lajan don pou bay òdinatè ki pral ogmante aksè Entènèt pou elèv pandan yo lakay yo.  Yo ap gen opòtinite pou yo gen aksè sou resous edikasyonèl ki gen valè tankou sit Entènèt Pòtal Elèv ak Paran Lekòl Leta Miami-Dade County, ak zouti sou Entènèt “Links to Learning” (Lyen pou Aprann).

Kijan pwogrm nan mache? Pou elèv Lekòl Leta Miami-Dade County kalifye, fò yo ap antre nan 9yèm ane eskolè e fò yo enskri nan pwogram repa midi gratis oubyen nan pri redui a.  Paran dwe aplike nan pwogram LINK la sou Entènèt atravè Pòtal Paran an e fò yo ale tou nan yon kou fòmasyon obligatwa.  Pòtal la lokalize nan www.dadeschools.net/parents.   

Dat limit pou aplikasyon LINK la se 21 septanm 2012.  Si paran yo pa gen yon kont Pòtal Paran, yo dwe vizite lekòl pitit yo pou yo ka resevwa yon “PIN” (Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl) e pou yo enskri.  Yo ap chwazi elèv pou patisipe nan pwogram LIKN la atravè yon tiraj osò.

Fòmasyon sou itilizasyon òdinatè ak aktivite distribisyon ap fèt nan diferan kote atravè otòn nan.  Akademi Paran An ap bay premye fòmasyon debaz obligatwa gratis sou itilizasyon òdinatè pou paran, ansanm ak konsèy sou kijan Entènèt la ka ede nou nan lavi nou chak jou e kijan pou yo kenbe timoun yo ansekirite lè yo sou Entènèt.    

Pou plis enfòmasyon, silvouplè vizite sit Entènèt pwogram LINK la nan link.dadeschools.net oubyen rele 305-995-3276.  

 

 

###

12-JS/449/HD/CM

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès