POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 17 out 2012               

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

NOUVO LEKÒL MWAYEN NORTH DADE PRAL OUVÈ PÒT LI POU ELÈV, 20 OUT

Nouvo Lekòl Mwayen North Dade pral ouvè pòt li pou elèv lendi 20 out.  Yo te fèmen lekòl la dezan desa paske kondisyon sekirite yo pa t bon.  Kanpous North Dade la gen ladan Lekòl Mwayen North Dade ak Center for Modern Languages Lekòl Elemantè North Dade.  Nouvo lekòl la lokalize nan 1840 N.W. 157 Street, Miami Gardens, FL 33054.

Nouvo karakteristik lekòl la gen ladan yon bilding de etaj pou salklas ak yon bilding administrasyon pou Lekòl Mwayen North Dade.  Li gen ladan tou yon bilding de etaj pou salklas Center for Modern Languages North Dade la.  Ap gen yon nouvo kafeterya avèk yon “depo manje” ki ap sèvi lekòl elemantè ak lekòl mwayen an.  

Yo bati yon espas pou edikasyon fizik ak yon chanm frèt ansanm ak yon espas aksè, zòn pou  paran ak bis depoze timoun, pasrèl ki kouvri, ekstansyon pakin, ak nouvo espas pou timoun jwe.  Yo ajoute teren jwèt pou lekòl elemantè ak mwayen.  Renovasyon ansyen bilding nan gen ladan pentire, mete kazye pèsonèl pou elèv, klimatize jimnazyòm nan, amelyore oditoryòm nan ak teren tenis la.

Yo te ouvè nouvo lekòl la alè e li nan bidjè a, jan yo te pwomèt li.  

 

###

12-JJS/450/DF/CM

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès