|
SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO AP Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho pral akeyi elèv pou yon nouvo ane lekòl nan plizyè lokasyon lendi 20 out 2012. Yo ap akeyi medya nan lokasyon sa yo: 6è dimaten – “Transportation Facility East (Etablisman Transpòtasyon Ès), 5901 NW 27 Avenue, Miami, 33142. Sipèentandan Carvalho pral asiste depa kèk nan 255 nouvo bis distri lekòl la, ki ekipe ak èkondisyone ak senti sekirite e ki diminye konsomasyon gaz a mwatye. 7è dimaten – Lekòl Segondè Barbara Goleman 14100 NW 89 Avenue, Miami Lakes, 33018. Lekòl la gen ladan Pwogram AP (Plasman Avanse) | Cambridge Capstone nan, yon patenarya Konsèy Kolèj, Inivèsite Cambridge ak Lekòl Leta Miami-Dade County. Nouvo pwogram rijid la konbine matyè apwofondi yo ofri atravè kou AP ak egzamen avèk kourikoulòm seminè entèdisiplinè global ak evalyasyon pwojè rechèch ak prezantasyon Inivèsite Entènasyonal Cambridge ofri. 7:45 dimaten - Lekòl Mwayen North Dade / Lekòl Elemantè North Dade “Center for Modern Languages” (Sant pou Lang Modèn), 1840 NW 157 Street, Miami Gardens, 33054. Nouvo etablisman sa a ouvri alè e li nan bidjè a, dezan aprè ansyen etablisman an te fèmen akoz pwoblèm sekirite. Sipèentandan Carvalho pral pran dejene ak elèv yo. Dejene disponib gratis chak jou pou elèv Miami-Dade. 9:25 dimaten - Lekòl Segondè Miami Springs, 751 Dove Avenue, Miami Springs 33166. Pwogram iTech la ofri yon seri kou pou prepare elèv yo pou karyè tankou Desinatè Similasyon/jwèt, pwogramè jwèt, ak Devlopè Lojisyèl Jwèt nan karyè Teknoloji Enfòmatik la. 10:50 dimaten - Lekòl Segondè Miami, 2450 SW 1st Street, Miami, 33135. Lekòl Segondè enpòtan nan Miami ap sibi gwo modènizasyon pou prezève e onore eritaj rich li a.
### 12-JS/451/JS/SD
|