|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 14 out 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
SIPÈENTANDAN CARVALHO PRAL EVALYE NOUVO PWOGRAM “OCEAN ACADEMY OF SCIENCE AND TECHNOLOGY (C.O.A.S.T.) NAN CENTENNIAL, DIMANCH 19 OUT
|
Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho ak ofisyèl Distri
|
|
Dènye evalyasyon pwogram “Centennial Ocean Academy of Science and Technology (C.O.A.S.T.)” (Akademi Maritim pou Syans ak Teknoloji Centenial) nan Akademi “Centennial/Curler Ridge 6-12” yo fèk renove |
KILÈ: |
Dimanch 19 out 2012
3è nan aprèmidi
|
KI KOTE: |
Centennial Middle School
8601 S.W. 21th Street
Miami, FL 33189 |
POUKISA: |
Pwogram Centennial Ocean Academy of Science and Technology (C.O.A.S.T.) ap elaji, soti nan 6yèm-8yèm ane eskolè, pou l vin tounen yon pwogram akademi magnèt 6yèm-12yèm ane eskolè. Kou yo ofri yo fèt pou bay elèv kat aspè esansyèl nan edikasyon maritim ak anviwònmantal nan Sid Florid la.
Aspè sa yo gen ladan sa ki ap suiv yo: yon etid fondamantal sou dlo ak relasyon li genyen avèk istwa lokal, natirèl e kiltirèl; devlopman ladrès pou amizman atravè edikasyon andeyò salklas; devlopman ladrès pèsonèl ak entèpèsonèl ki mennen nan kalite efikas pou moun jwenn travay; ak yon entwodiksyon pou karyè ki gen rapò ak lame maritim; teknoloji syans maritim ak militè ki al travay sou dlo.
|
# # #
11-JS/452/HD/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |