POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 17 out 2012        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY OFRI ELÈV YO ANPIL NOUVO CHWA

MIAMI – 350,000 elèv Lekòl Leta Miami-Dade County ap tounen lekòl kòmanse lendi 20 out 2012, e yo pral gen opòtinite pou fè eksperyans ak yon varyete nouvo pwogram edikasyonèl ak benefis.

Nouvo Pwogram Magnèt
M-DCPS pral ofri apeprè 40 nouvo pwogram magnèt ane sa a, ki pral bay elèv yo anpil chwa akademik.  Pami nouvo lekòl magnèt yo gen “Maritime & Science Technology Academy (Akademi Teknoloji Maritim Syans) (MAST@Virginia Key); Pwogram AP (Plasman Avanse)| Cambridge nan Lekòl Segondè Barbara Goleman, ki pral genyen ladan tou yon Akademi Finans ak yon Akademi Ospitalite ak Touris; Konsèvatwa Ar nan Lekòl Segondè Hialeah; nèf nouvo Akademi iPrep, ki gen ladan youn nan Lekòl Segondè Miami Norland.  Akademi iTech nan Lekòl Segondè Miami Springs ki prepare elèv yo pou karyè tankou Desinatè Similasyon/Jwèt, Pwogramè Jwèt, ak Devlopè Lojisyèl Jwèt; ak Centennial Ocean ‘‘Academy of Science and Technology (C.O.A.S.T.)‘‘ (Akademi Syans ak Teknoloji) nan Centennial/Cutler Ridge 6-12.

Yon Pwomès nou Kenbe – Lekòl Mwayen North Dade/Sant North Dade pou Lang Modèn
Nouvo Lekòl Mwayen North Dade ap ouvè pou elèv lendi 20 out.  Kanpous North Dade la anglobe Lekòl Mwayen North Dade ak Lekòl Elemantè Sant North Dade pou Lang Modèn. Fonksyonalite nouvo yo gen ladan yon bilding salklas de-etaj ak yon bilding administrasyon pou Lekòl Mwayen North Dade ak yon bilding salklas de-etaj Sant North Dade pou Lang Modèn.  Yon nouvo bilding kafeterya ki bati ak yon "Ebèjman Manje" toude, lekòl elemantè ak mwayen pral pataje.

Ansyen Lekòl Mwayen North Dade la te fèmen dezan desa akoz pwoblèm sekirite. Nouvo lekòl la ap ouvè alè jan yo te pwomèt li.

Referandòm Bon Oblijasyon Jeneral
Nan reyinyon 15 out la, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County an la te apwouve
pou mete yon referandòm $1.2 milya Bon Oblijasyon Jeneral (GO) devan votè yo nan eleksyon 6 novanm ki pral vini an.  Yo pral itilize pwofi ki pral fèt nan vòt bon yo pou modènize ak konstrui lekòl atravè distri a, ki gen ladan mete teknoloji ajou nan tout lekòl yo.
 
Apwobasyon votè yo pou Bon GO sa yo esansyèl pou Distri a pandan li ap chèche yon solisyon alontèm dirab pou ofri tout elèv Lekòl Miami-Dade yo Lekòl 21yèm Syèk. Vòt bon yo pwopoze a ap gen yon efè minim sou mèt kay tipik – yon pwojeksyon $10 nan premye ane a.

Nouvo Bis Lekòl
Depatman Transpòtasyon pran plezi pou anonse akizisyon 255 nouvo bis lekòl pou ane lekòl 2012-2013.  Bis sa yo ekipe ak èkondisyone ak senti sekirite, e yo pral pwodui prèske zewo emisyon.  Nouvo bis yo ap amelyore gaz nan apwoksimativman 40 pousan lè yo konpare ak lòt bis yo ranplase yo.  Yo genyen tou yon garanti 5 an pou “bumper-to-bumper,” (defans devan rive sou defans dèyè) e yon garanti 10 an sou motè yo, e yo pral pote yon ekonomi konsiderab pou fonksyonman transpòtasyon.

Atravè estrateji wout inovativ, efikas, Depatman Transpòtasyon redui yon kantite adisyonèl 29 wout pou ane eskolè 2012-2013 la; sa mennen total rediksyon wout yo pou senk dènyè ane yo a 270 wout.  Pi enpòtan toujou, nou te reyisi rediksyon sa a pandan nou kontinye ofri tout sèvis transpòtasyon bay elèv yo.

Pwogram LINK “(Learn Ideas, Navigate Knowledge)” (Aprann Ide, Brase Konesans)
Ane sa a, pwogram “Learn Ideas, Navigate Knowledge (LINK)” (Aprann Ide, Brase Konesans) pral benefisye elèv 9yèm ane eskolè ki elijib nan tout lekòl segondè yo atravè distri a.  Kòmanse kounye a jiska 21 septanm, paran yo ka aplike pou LINK sou Entènèt atravè Pòtal Paran an.  Fanmi ki patisipe yo ap resevwa yon konpitè “netbook” pou $25.  Pwogram sa a pwomote adopsyon dirab gwo kapasite pami yon popilasyon ki nan detrès ekonomik kote yo pa twò itilize teknoloji gwo kapasite tradisyonèlman.  LINK bay elèv ak fanmi yo fòmasyon ak ekipman nesesè.  Sèvis Teknoloji Enfòmasyon asosye ak Akademi Paran An pou bay fòmasyon debaz sou konesans dijital ki kouvri konpitè debaz, fondamantal Entènèt ak kòman pou kenbe timoun an sekirite sou Entènèt, ak karakteristik kle nan Pòtal Paran Distri a.  Apatide jiyè 2012, pwogram don fon federal sa a finanse distribiye plis pase 5,100 konpitè.  Pou plis enfòmasyon, silvouplè vizite paj Entènèt http://www2.ntia.doc.gov/grantees/SchoolBoardMiamiDade.

ImPACT® Test
Divizyon Atletik, Aktivite, ak Akreditasyon an konjonksyon ak “UHealth Sports Medicine University of Miami” inisye “ImPACT (Immediate Post-Concussion Assessment and Cognitive Testing)” (Evalyasyon Imedyat Aprè Chòk nan Tèt ak Teste Konesans) nan tout Lekòl Leta Miami-Dade County ki ofri bous atletik entèskolè.  

Akoz konpleksite jesyon chòk nan tèt, li enpòtan pou jere chòk nan tèt sou baz endividyèl e pou enplemante liy debaz tès yo/oubyen tès konesans newolojik apre aksidan chak fwa sa posib.  ImPACT se premye sistèm evalyasyon gwo chòk nan tèt, yo pifò fwa itilize, e ki pi valide enfòmatize syantifikman.  Yo te devlope ImPACT pou asiste pratisyen ki kalifye pou yo bay enfòmasyon ki ka itil yo nan pran desizyon enpòtan apre yon chòk nan tèt.  Se yon antrenè atletik nan lekòl segondè ki administre ImPACT. Tout antrenè atletik  pran fòmasyon nan administre tès la.

“Florida High School Athletic Association (FHSAA) Policy 39 - Heat-Acclimatization” (Règ 39 – Akomodasyon ak Chalè Asosyasyon Atletik Lekòl Segondè Florid)
Divizyon Atletik, Aktivite, ak Akreditasyon devlope yon seminè ki fèt pou antrenè, pou  enfòme yo sou “Florida High School Athletic Association (FHSAA) Policy 39 - Heat-Acclimatization” (Règ 39 – Akomodasyon ak Chalè Asosyasyon Atletik Lekòl Segondè Florid), ki te efektif 1ye jiyè 2012.
Maladi chalè se youn nan premye koz lanmò nou ka evite pami atlèt nan lekòl segondè. Lanmò kriz chalè sa yo rive souvan nan mwa sezon ete yo, nan kòmansman kondisyon pou tout espò yo.  Pwodiksyon chalè pandan anpil egzèsis 15 a 20 fwa pi gwo pase lè moun nan ap repoze e li ka monte tanperati debaz kò youn a de degre “Fahrenheit” chak senk minit, sofsi yo vantile chalè a.  Yo egzije nouvo machaswiv yo pou tout espò, men foutbòl se youn nan aktivite ki pi afekte.

Jiska kounye a, Divizyon Atletik, Aktivite, ak Akreditasyon an edike plis pase 400 antrenè sou nouvo règ sa a.  Yo pral fè menm seminè sa yo pou tout ane a pou espò ivè ak otòn yo.

Pwogram Pilòt Sistèm Kontwòl Aksidan
Divizyon Atletik, Aktivite, ak Akreditasyon, an konjonksyon ak Jesyon Risk ak Benefis, Sèvis Enfòmasyon Teknolojik (SES), ak Divizyon Sekirite ak Jesyon Ijans, nan pwosesis pou enplemante sistèm kontwòl aksidan, yo mete sou rezo M-DCPS, pou mete sou dosye aksidan ak blesi elèv. Selon Règ Komisyon Konsèy Lekòl 5340, Règ Komisyon Konsèy  Lekòl 8442, ak Règ Komisyon Konsèy Lekòl 8760, yo dwe rapòte tout aksidan ak blesi elèv.  Distri a pral gen yon metòd inifòm pou rapòte aksidan elèv fè. Yo pral kòmanse yon pwogram pilòt ki enplike uit lekòl ann oktòb 2012.  Y ap ajoute lòt lekòl nan dezyèm semès la pou ane lekòl 2012-2013 la.

 

###

12-JS/453/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès