POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 20 out 2012     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO TE AKEYI ELÈV
PREME JOU KLAS 

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te akeyi elèv pou yon nouvo ane lekòl nan plizyè lokasyon jodi a.
 
Sipèentandan an te kòmanse jounen li nan Andwa Transpòtasyon Ès la ki kenbe kèk nan 255 nouvo bis distri a, ki ekipe ak klimatizè, senti sekirite e redui kantite gas yo itilize a mwatye.
 
Epi li te vizite Lekòl Segondè Barbara Goleman.  Lekòl la se kay Pwogram Cambridge Capstone nan, yon patenarya College Board, Inivèsite Cambridge ak Lekòl Leta Miami-Dade County. Nouvo pwogram rigoure a konbine konsantrasyon matyè yo ofri atravè kou “AP” (Plasman Avanse) ak egzamen entèdisiplinè kourikoulòm seminè global e evalyasyon rechèch ak prezantasyon Egzamen Entènasyonal Inivèsite Cambridge ofri.
 
Aprè, li te dirije l ale nan Lekòl Mwayen North Dade/North Dade Center pou Lekòl Elemantè Modern Languages.  Nouvo andwa a ouvè atan e li te nan bidjè li a, dezan aprè ansyen andwa a te fèmen akoz kesyon sekirite. Sipèentandan Carvalho te sèvi elèv ak paran dejene.  Dejene disponib gratis chak jou pou elèv Miami-Dade.
 
Epi li te vizite Lekòl Segondè Miami-Springs, ki se kay pwogram iTech, ki ofri kou nan yon sekans pou prepare elèv pou karyè tankou Desinatè replika Jwèt, Pwogramè Jwèt, e Devlopè Jwèt Elekwonik nan gwoup karyè enfòmatik.
 
Sipèentandan an te vizite Lekòl Segondè Miami tou, ki te sèvi ansyen elèv ki gen ladan edikatè notab, espòtif, vedèt sinema ak ofisyèl eli.  Pilye lekòl segondè Miami a anba gwo renovasyon pou prezève e ran eritaj rich li a omaj.

 

###

          12-JJS/456/DF/CF

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès