POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 23 out 2012      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV LEKÒL ELEMANTÈ PALM LAKES AP RESEVWA DONASYON BWAT “LUNCH”, SAK LIV SOTI NAN MIAMI-DADE COUNTY LEAGUE OF CITIES, 28 OUT

Elèv nan Lekòl Elemantè Palm Lakes pral resevwa yon kado, jenewozite Miami-Dade County League of Cities (MDCLC) pandan dezyèm distribisyon Anyèl Retounen Lekòl pou bwat “lunch” ak sak liv nan madi 28 out a 9:30 dimaten. Evènman an ap fèt nan sant medya lekòl la ki lokalize nan 7450 West 16th Avenue Hialeah, FL 33014.
 
Manm MDCLC yo vin ak koleksyon an pou ofri asistans pou elèv ki nan bezwen nan kominote Miami-Dade la.  Yo kolekte apwoksimativman 65 bwat “lunch” ak sak liv pou  fi e 65 bwat “lunch” e sak liv pou gason.
 
Prezidan MDCLC, Onorab Luis Gonzalez, Councilman, Vil Hialeah e manm komisyon egzektif ap vin patisipe nan evènman sa a.

 

###

012-JJS/457/GC/CF

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès