|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 22 out 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
ELÈV NAN LEKÒL AVYASYON GEORGE T. BAKER PRAL RENOVE YON MISIL EPÒK “COLD WAR” (RIVALITE POLITIK ETAZINI/INYON SOVYETIK)
MIAMI – Jedi 23 out sa a, a 8è dimaten, elèv nan Lekòl Avyasyon George T. Baker pral resevwa yon misil, yo te fè nan epòk “Cold War” (rivalite politik USA/USSR), nan Sid Florid pou yo renove l avan yo ekspoze l pou piblik la nan “Everglades National Park” (Plas Nasyonal Everglades). Lekòl teknik la lokalize nan 3275 NW 42 Avenue nan Miami, Florid.
Apre 33 ane, Misil “Nike Hercules” la pral siveye “River of Grass” nan Sid Florid la yon fwa ankò. Sepandan, fwa sa a li pap yon zam defans Lame Ameriken, men yon ekspozisyon nan yon nouvo sit istorik. Ekspozisyon an patikilyèman siyifikatif paske oktòb 2012 make 50yèm anivèsè Kriz Misil Kiben an.
Apre kriz la fini, 50 ane desa, Lame Ameriken te konstwi kat Baz Misil “Nike” kòm yon pati nan 2yèm Batayon Misil, 52yèm Atilri Defans Ayeryen an. Youn nan sit yo chita kounye a nan “Everglades National Park” (Plas Nasyonal Everglades). Soti nan fen ane 1962 rive nan 1979, sit sa yo te defann syèl Miami an. Vizitè nan ivè yo ap gen yon apèsi sou misil 5 tòn, 40 pye a ki, yon fwa, te ofri dènye liy pwoteksyon kont avyon ènmi.
Yon fwa pwosesis renovasyon an fini, elèv ki ap patisipe yo ap gen opòtinite pou yo rankontre veteran “Nike” yo ki te travay nan sit Sid Florid sa yo. Yo pral ekspoze ti moso nan istwa mondyal sa a nan ivè ki ap vini an nan “Everglades National Park”, kote ap gen yon Jounen Vizit nan jou pou onore Ansyen Militè yo, 12 novanm. Yo ap ofri vizit regilye soti desanm rive avril.
Sipò pou pwojè sa a se te yon patenarya Avyasyon George T. Baker Lekòl Leta Miami-Dade County; “The South Florida National Parks Trust”; “The U.S. Army Center of Military History”; “The Everglades Association”; ak “The Nike Historical Society.”
Pou plis enfòmasyon sou vizit la, silvouplè kontakte: “Everglades National Park” nan (305) 242- 7700, sit Entènèt www.nps.gov.
###
12-JS/458/TC/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |