|
ELÈV M-DCPS MONTRE YO FÈ PWOGRÈ NAN ACT Estatistik ACT Inc. pibliye jodi a, montre klas ki gradye pou ane 2012 “Miami-Dade County Public Schools’ (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te fè gwo pwogrè e yo te depase kondisip yo nan eta ak peyi a konsènan rezilta ACT yo. Rezilta yo rezime pèfòmans elèv ki gradye an 2012 la ki te ka pran egzamen ACT a nenpòt lè pandan ane akademik 2009-2012, 2010-2011, oubyen 2011-2012 yo. Nòt mwayèn ACT elèv M-DCPS yo montre gwo pwogrè soti 2011 rive 2012 nan tout kat matyè yo, ki gen ladan Anglè, Matematik, Lekti, ak Syans. Te gen yon ogmantasyon remakab nan nòt total jeneral nan distri Lekòl la. Ogmantasyon nan nòt mwayèn elèv nan Distri a soti 2011 rive 2012 depase nòt kondisip yo nan eta ak peyi a nan chak matyè e pou total nòt jeneral la. Toude, nòt mwayèn Lekti ak Matematik ACT yo pou klas gradyasyon 2012 yo te pi wo pase nòt ki koresponn avèk nòt yo mande pou satisfè demand pou gradyasyon lekòl segondè yo. Mwayèn nòt eta a nan Lekti ACT pou elèv Distri a te depase nòt Preparasyon pou Kolèj eta a etabli. ### 12-JJS/459/DF/RL
|