POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 6 septanm 2012        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

CHANM KÒMÈS “GREATER MIAMI” AP REKONÈT ADMINISTRATÈ M-DCPS

Chanm Kòmès “Greater Miami” ap rekonèt Asistan Sipèentandan Afè Entègouvènmantal, Administrasyon Don, ak Angajman Kominotè Lekòl Leta Miami-Dade County, Iraida R. Mendez-Cartaya, nan dejene “Salute to Miami’s Leaders(Felisitasyon Lidè Miami) li a.  Dejene a ap fèt jedi, 27 septanm, nan Jungle Island. 

Prim Salute to Miami’s Leaders yo onore ansyen elèv “Leadership Miami” ki briye nan pwofesyon respektif yo e ki trè aktif nan kominote nou an.  Mendez-Cartaya se benefisyè prim ane sa a nan kategori gouvènman an.

Yon administratè pou 23 ane, Mendez-Cartaya sipèvize relasyon entègouvènmantal nan nivo lokal, eta, federal ak entènasyonal pou distri lekòl la ansanm ak akizisyon e jesyon don. Anba direksyon li, valè dola pou finansman siplemantè pou distri lekòl la ogmante sibstansyèlman, a plis pase $700 milyon.

Mendez-Cartaya sipèvize tou tout pwogram angajman kominotè yo, ki gen ladan, pwogram volontè lekòl, patenarya biznis, patisipasyon paran ak lòt pwogram ki ankouraje akonplisman elèv.

Atravè karyè li, Mendez-Cartaya travay deprè avèk plizyè lidè kominotè lokal ak ofisyèl gouvènman federal e eta pou asire lejislasyon pase nan tout nivo gouvènman an dirèkteman benefisye eksperyans edikasyonèl elèv nou yo.

 

###

012-JJS/462/VVL/RL

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès