POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 4 septanm 2012          

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

DEKLARASYON SIPÈENTANDAN ALBERTO CARVALHO KONSÈNAN DESIZYON SOU EKOLAJ  

MIAMI – Sipèentandan Lekòl Miami-Dade yo Alberto M. Carvalho pibliye deklarasyon ki ap suiv la lè yon jij federal nan Miami te pran desizyon ki di yo pa ka chaje elèv Florid plis pou ekolaj non-rezidan paske paran yo ka nan peyi a ilegalman:
 
“Chak ane Florid gradye plizyè milye elèv, anpil nan yo fè fas a yon avni ki pa sèten akoz restriksyon legal oubyen fado finansye ki enposib poutèt kondisyon imigrasyon yo. Desizyon jodi a reprezante yon retou nan rezon e yon pòt ouvè pou elèv ki merite l ki pa mande plis pase pou yo retounen bay sèl kominote ak peyi yo janm konnen.” – Alberto M. Carvalho, Sipèentandan, Lekòl Leta Miami-Dade County

 

 

###

12-JJS/463/RL

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès