POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 5 septanm 2012 

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

CHANM KOMÈS ‘‘GREATER MIAMI’’ ADOPTE REZOLISYON POU SIPÒTE KAPITAL REFERANDÒM BON M-DCPS

Chanm Komès ‘‘Greater Miami’’ pase e adopte yon rezolisyon pou sipòte kapital referandòm bon Lekòl Leta Miami-Dade pou modènize e konstwi lekòl, ki gen ladan mete teknoloji ajou nan tout lekòl yo.  Chanm Komès Gran Vil Miami se pi gwo òganizasyon biznis nan Sid Florid, ki touche plis pase 400,000 anplwaye atravè manm konpayi li yo.  Chanm nan sipòte kesyon ekonomik ak biznis ki gen ladan devlopman biznis rejyonal yo, devlopman biznis entènasyonal, pwogram lidè ak zafè gouvènmantal yo.

Nan reyinyon ki te fèt 15 out la, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te plase yon referandòm ‘‘General Obligation Bond (GO)’’ (Bon Obligasyon Jeneral) $1.2 milya devan votè yo nan eleksyon 6 novanm kap vini an.  “The Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) te apwouve demand Lekòl Leta Miami-Dade County pou vòt Bon GO yo mwa pase.

Apwobasyon votè yo sou bon GO yo esansyèl pou distri a pandan l ap chèche yon solisyon alontèm dirab pou ofri tout elèv Miami-Dade yo lekòl 21yèm syèk.

Apwouve Bon GO a fè sans kounye a paske y ap fin peye GO yo te vote an 1988 la, donk pwopriyetè kay yo pap gen pou sibi yon twò gwo ogmantasyon nan taks yo.  Pri konstriksyon yo pi ba anpil pase pik yo, e to enterè yo istorikman ba.  Vote GO yo kounye a kritik pou yo pa ajoute sou frè takspeyè yo.

Jwenn yon solisyon pou satisfè bezwen kapital Distri a se yon gwo priyorite administrasyon distri a toujou genyen e li se yon sijè enkyetid k ap repete pou manm Komisyon Konsèy yo.  Atravè sèt dènye ane yo, Distri a fè gwo efò pou l bati nouvo e ranplase lekòl, pou satisfè demand lwa sou kantite elèv ki nan salklas la.  An total, Distri a te ajoute plis pase 105,000 nouvo plas pou elèv.
Puiske pifò finansman kapital resan an fini nan fè nouvo lekòl oubyen ajoutman, reparasyon ansyen lekòl yo pat rive fèt.  Prèske mwatye nan etablisman lekòl Distri a gen plis pase 40 an,  e plis pase yon tyè gen plis pase 50 an.  Defisi nan mache imobilye a atravè senk dènye ane yo e deklen nan finansman kapital eta a agrave defisi nan finansman kapital la.  Li enposib pou Distri a adrese bezwen k ap anpile nan lekòl ki ap vyeyi yo e finanse teknoloji dènye kri pou tout lekòl san yon solisyon votè yo apwouve. 

Inisyativ Lekòl 21yèm syèk la pral ofri pwosperite ak sekirite nan kominote a paske yo pral envesti kapital ki soti deyò county yo anndan kominote lokal la e konsa elèv yo pral pi byen prepare pou ekonomi global 21yèm Syèk la.  Benefis alontèm kontinyasyon Pwogram GO yo nan 2012 depase lontan ogmantasyon minim nan taks yo.

Yo chaje votè yo pou detèmine si bezwen alontèm etablisman lekòl yo k ap benefisye yon nouvo jenerasyon elèv merite kontinyasyon Pwogram GO a nan otorize Bon GO $1.2 milya a an 2012.

Bon yo pral ede amelyore pwoteksyon ak sekirite nan etablisman lekòl yo; renove oubyen modènize chak lekòl; garanti egalite nan teknoloji atravè tout lekòl; mande ide moun ki konsène pandan y ap minimize fado takspeyè yo; pwomote patnè piblik/prive; ofri devlopman ekonomik ak opòtinite pou travay nan kominote nou an; e ofri transparans ak konfidans avèk yon komite konsèy sitwayen pou asire distribisyon pwojè yo fèt alè e ak egalite.

 

###

012-JJS/464/VVL/SD

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès