|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 6 septanm |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
KOMISYON KONSÈY LEKÒL YO VOTE POU ETIDYE PRATIK DISTRI A NAN FÈ BIZNIS
Nan reyinyon regilye mansyèl li, Komisyon Konsèy Lekòl la vote pou envestige si li fezab pou fè yon etid disparite pou analize fason Distri a pratike biznis ki gen ladan yon egzaminasyon pou wè si gen disparite ki egziste nan itilize biznis minorite/fi pou kontra Distri a.
Baze nan reyinyon resan yo avèk nanm Komite Konsèy “Minority/Women’s Business Enterprise (M/WBE)” (Antreprenè Biznis Minorite/Fi), sou règ ki va sèvi pou devlopman ki ap gen fason panse Komite M/WBE a e konsidere opsyon machasuiv pou kontra, moun ki mèt biznis, e kritè sou gwosè, achitèkti/jeni yo seleksyone e baze-lokasyon ki jwenn kontra a.
Rezilta yo jwenn nan etid disparite a va sèvi pou gide devlopman règ pou aktivman pwomote divesite ak pratik biznis ki etabli objektif pou patisipasyon M/WBE.
Yon konpayi endepandan pral fè etid pou wè si li fezab.
###
12-JS/465/HD/CF
Retounen sou Nòt pou Laprès |