|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 11 septanm 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
YO AP ENSTALE SIPÈENTANDAN CARVALHO KOM DIREKTÈ ZÒN FADSS
Mèkredi 12 septanm, yo pwograme pou enstale Sipèentandan Alberto M. Carvalho kòm yon Direktè Zòn pou “Florida Association of District School Superintendents (FADDS)” (Asosyasyon Sipèentandan Distri Lekòl nan Florid). Enstalasyon an ap fèt pandan Konferans Direksyon FADDS Otòn nan nan Orlando, Florid.
Yo ap enstale Sipèentandan Carvalho kòm Direktè Zòn pou Zòn VII, ki gen ladan distri lekòl Miami-Dade, Broward, ak Palm Beach. Tèm li a ap dire jiska jen 2013.
FADDS se yon òganizasyon pwofesyonèl atravè tout eta a ki pran angajman pou adrese bezwen 67 sipèentandan lekòl Florid yo. Misyon FADDS se asiste e sipòte sipèentandan yo nan bay direksyon pou asire elèv jwenn ladrès ak konesans ak mantalite pou yo ka vin manm ki ap bay kontribisyon yo nan sosyete nou an atravè pwogram pou devlope kapasite pou dirije, relasyon avèk lidè biznis e lidè gouvènman, e kominikasyon ak sèvis rezo.
###
012-JJS/467/VVL/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |