|
GOUVÈNMAN BREZILYEN AN ONORE SANT K-8 ADA MERRITT AVÈK INSÍGNIA DA ORDEM DE RIO BRANCO
Sekretè Konsila Bruno Assunção kenbe drapo lekòl la akote Sekretè Konsila Fernando Mendonça de Magalhães Arruda ki soti nan Konsila Brezil pandan Carmen M. Garcia, direktris Sant K-8 Ada Merritt ap plase ensiy “Order of Rio Branco” sou drapo a. Gouvènman Brezilyen an atravè Anbasadè Hélio Vitor Ramos F., Konsil Jeneral Brezil nan Miami (nan foto adwat la), te prezante lekòl la drapo a. Yo te prezante ensiy la pou remèsye lekòl la paske li avanse etid ak konpreyansyon lang Pòtigè ak kilti a.
### 012-JS/468/GC/RL
|