|
***DISTRIBISYON FOTO***
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho vizite Lekòl Segondè Southwest Miami avèk Gouvènè Florid Rick Scott pandan “ Governor’s Education Week Listening Tour” (Semèn Vizit Edikasyon pou Tande Gouvènè a). Se premye fwa Gouvènè Scott vizite yon lekòl Leta nan distri a. Gouvènè Scott di, “Miami-Dade se yon bonjan distri lekòl... Pran fyète de lekòl sa a. Nou gen endividi ki pran angajman pou chak elèv.” Nan foto anwo a, soti agoch pou ale adwat: Direktè Southwest Miami Carlos Diaz, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ak Gouvènè Rick Scott.
### 012-JS/469/GC/CF
|