|

|
FOR IMMEDIATE
RELEASE
Jedi 13 septanm 2012
|
CONTACT:
Carline Faustin
Lekòl Leta Miami-Dade County
305-995-1188 |
ELÈV AKADEMI FINANS BOOKER T. WASHINGTON PRAL DIRIJE YON BIZNIS KI BAZE NAN LEKÒL LA – YON BRANCH “DADE COUNTY CREDIT UNION”
MIAMI – Elèv ki enskri nan pwogram Finans Fondasyon Akademi Nasyonal la pral fè yon eksperyans pou premye fwa nan lekòl la – yo pral aplike sa yo te aprann nan klas yo e pandan estaj yo te fè nan ete a nan yon biznis reyèl nan lekòl la.
Elèv 11yèm ak 12yèm ane eskolè nan Akademi Finans la, anba direksyon ak konsèy “Dade County Federal Credit Union (DCFCU)” (Kowoperativ Kredi Federal Dade County), pral opere yon branch kowoperativ kredi a ki sèvi elèv ak anplwaye. Yo fè pwogram sa a pou bay bonjan fòmasyon sou ladrès pratik nan finans debaz, devlope konesans sou karyè ak ladrès preparasyon pou travay e enfliyanse pozitivman reyalizasyon akademik elèv yo. Selon Dtè. Yelena Steward-Revere, Kowòdonatris “Smaller Learning Communities” (Kominote Enstriksyon ki Pi Piti yo), “elèv yo t ap prepare yo pandan tout ete a kòm yon pati nan pwogram estaj yo a pou yo ka gen opòtinite pou aplike sa yo aprann nan salklas ak nan travay, nan yon antrepriz ki baze nan lekòl la.
Anplwaye nan branch la se elèv e yo fè branch sa a pou sèvi bezwen finansye anplwaye lekòl la ak ansanm elèv yo. Lekòl Leta Miami-Dade County sipote pwojè sa a kòm yon estrateji pou mete kourikoulòm nan sou menm liy avèk sèt endistri yo vize pou devlope yo, anba inisyativ “One Community One Goal” (Yon Kominote Yon Bi).
Prezidan e Ofisye Egzekitif Anchèf Kowoperativ Kredi Federal Dade County George Joseph di, “Nou fyè pou nou fè patenarya avèk Lekòl Leta Miami-Dade County e pou nou bay elèv yo opòtinite pou yo fè eksperyans travay reyèl nan sektè finansye a ak edikasyon finansye debaz avan yo gradye nan lekòl segondè.”
Lillian Cosio, Chèmann Komisyon Konseye Akademi Finans la te ensiste sou enpòtans pou devlope ladrès edikasyon debaz pou elèv nou yo. Li ajoute, “opòtinite sa yo Akademi Finans bay ansanm ak patnè biznis nou yo tankou Kowoperativ Kredi Federal Dade County, bay ekspozisyon ak aksè sou elèv ki vle fè yon karyè nan finans. Sa se yon faktè enpòtan nan ede jèn nou yo prepare yo pou kolèj ak karyè nan lavni.”
Branch Booker T. Washington Kowoperativ Kredi Federal Dade County a ap ouvè pou biznis nan jou lekòl pandan repa midi e apre lekòl. Elèv yo, anba sipèvizyon yon reprezantan DCFCU, ap kapab fè depo e retire lajan, ouvè kont epay kouran kont klib, ansanm ak reponn kesyon ki gen rapò ak finans.
Pou plis enfòmasyon, kontakte: Tony Renesca, Pwofesè Anchèf nan sirtonyrenesca@dadeschools.net.
Konsènan Kowoperativ Kredi Federal Dade County Kowoperativ Kredi Federal Dade County gen biwo santral li nan Doral, Florid. E li sèvi elèv ak fanmi Miami-Dade County. Kowoperativ Kredi Federal Dade County, yo fonde an 1939, se youn nan enstitisyon finansye ki pi ansyen nan Miami-Dade County. Kowoperativ Kredi a pran angajman pou ogmante opòtinite edikasyon finansye pou elèv. Anplis, Kowoperativ Kredi Federal Dade County bay yon bousdetid $1,500 pou yon elèv Booker T. Washington ki merite li.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Maria Ferreira, Vis Prezidan Anchèf Planifikasyon/Devlopman, Kowoperativ Kredi Federal Dade County nan (786) 845-3167 oubyen mferreira@dcfcu.org.
Konsènan Fondasyon Akademi Nasyonal
“National Academy Foundation” (Fondasyon Akademi Nasyonal) se yon rezo nasyonal akademi karyè pou sipòte devlopman jèn nan Amerik la pou siksè pwofesyonèl nan lekòl segondè, edikasyon siperyè e atravè karyè yo. Pandan prèske 30 an, NAF rive rafine yon modèl ki fè prèv li, e ki bay jèn yo aksè ak kourikoulòm ki espesyalize nan endistri, eksperyans enstriksyon nan travay, ak relasyon avèk pwofesyonèl biznis.
Pandan ane lekòl 2011-2012 la, 500 akademi NAF te sèvi plis pase 53,000 elèv atravè 41 eta. D.C. ak Zile Vyèj Etazini. To gradyasyon nasyonal 90% NAF la se temwayaj efikasite efò sa a. Lekòl Leta Miami-Dade County, anba obsèvasyon Chwa Lekòl ak Opsyon Paran, gen 48 pwogram NAF nan 25 lekòl segondè ki gen ladan yo tèm karyè Finans, Ospitalite ak Touris, Enfòmatik, Jeni ak Syans Sante.
Pou plis enfòmasyon konsènan pwogram NAF Lekòl Leta Miami-Dade County yo, silvouplè kontakte pwogram Chwa Lekòl ak Opsyon Paran nan (305) 995-1922 oubyen choice.dadeschools.net.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te ale patisipe avèk elèv Booker T. Washington yo nan gran ouvèti Kowoperativ Kredi Federal Dade County a ansanm avèk notab yo montre nan foto a, goch adwat: Dtè. Pablo Ortiz, Dtè. Lupe Diaz, Dtè. Yelena Stewart-Revere, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall, Direktè William Aristide, Depite Cynthia A. Stafford, ak Komisyonè Miami-Dade County Audrey M. Edmonson.
# # #
12-JJS/472/CM
|