POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 24 septanm 2012        

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS PRAL FÈ KONFERANS 2012 SOU EDIKASYON ESPESYAL “STEPS TO SUCCESS”  

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, anplwaye Distri, administratè, pwofesè, paran ak sitwayen ki enterese     
KISA:
Konferans M-DCPS 2012 sou Edikasyon Espesyal klas Matènèl-12yèm ane eskolè   “Steps for Success” (Etap pou Siksè)    
KILÈ: 
Samdi 13 oktòb 2012                                                        
8è dimaten pou 1:30 nan aprèmidi
KI KOTE: 
Miami Edison Senior High School 
6161 N.W. 5th Court 
Miami, FL 33127           
POUKISA:

Konferans M-DCPS 2012 sou Edikasyon Espesyal klas matènèl -12yèm ane eskolè   “Steps for Success” se yon konferans an plizyè lang ki pral ofri resous, fòmasyon, edikasyon, enfòmasyon, ak opòtinite rezo bay paran timoun ki gen andikap nan   Distri a atravè tout etap yo soti nan klas Matènèl rive nan laj 22 ane.    

Sijè yo, ki gen kat pati, yo pral prezante yo gen ladan sipò pou timoun anbazaj ki gen    andikap, konpòtman/disiplin, tranzisyon pou lekòl segondè, ak akonplisman/elèv sipò/idantifikasyon ak elijibilite.  Sesyon yo ap fèt ann Anglè, Espayòl, ak Kreyòl.  Enskri davans pou w ka jwenn sèvis swen pou timoun.   

Pou enskri, vizite http://tiny.cc/stepsconference.

KONTAK:
Pou plis enfòmasyon, kontakte Keisha Robinson nan 305-626-3970 oubyen  krobinson2@dadeschools.net  

# # #

12-JJS/473/DF/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès