|

|
FOR IMMEDIATE
RELEASE
Mèkredi 19 septanm 2012
|
CONTACT:
Carline Faustin
Lekòl Leta Miami-Dade County
305-995-1188 |
MDCPS ANONSE 2YÈM SERI KONFERANS ANYÈL JAMES OTIS
YO NAN KANPOUS NÒ MDC
MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County ak Seksyon Miami “American Board of Trial Advocates (ABOTA)” (Komisyon Ameriken pou Avoka Estajyè), pral fè Dezyèm Seri Konferans Anyèl James Otis pou 300 elèv nan edikasyon sou dwa jedi 20 septanm, kòmanse 9è dimaten pou midi nan Lehman Theatre ki nan Kanpous Nò MDC (Kolèj Miami-Dade) la. Adrès la se 11380 N.W. 27th Ave., 5000 Building, Miami, FL 33167. Pwogram nan ap konsantre sou Konstitisyon Etazini.
Pwogram nan fèt pou elèv nan Miami-Dade County ka konfòme yo avèk demann dènye lwa federal pou Jounen Konstitisyon an, ki mande tout lekòl toude, leta ak prive, ki ap resevwa èd federal, pou yo bay pwogram edikasyonèl chak ane sou anivèsè siyati konstitisyon an oubyen konsènan evènman sa a.
Konferans yo ki pote non James Otis Jr., yon patriyòt e youn nan avoka ki te gen plis enfliyans nan kòmansman epòk kolonyal ann Amerik, pral ofri elèv opòtinite pou yo tande prezantasyon Jij Jennifer Bailey nan Tribinal Sikonskripsyon Miami-Dade ak Jij Peter Lopez nan Twazyèm Tribinal Apèl Distri a.
Tod Aronovitz, Esq., Chèmann Seri Konferans James Otis ABOTA yo e ansyen prezidan Bawo Florid, pral sèvi kòm moderatè konferans yo e louvri fowòm diskisyon sou Premye Amandman an e kòman li afekte lavi chak jou.
ABOTA te kreye seri konferans yo pou edike e enspire elèv atravè peyi a pou yo konnen e respekte Konstitisyon an. An 1761, Otis te yon defansè-jeneral ki te plede devan Wa Angletè a kont ilegalite fouy kay ak biznis avèk yon deklarasyon ki selèb kounye a: “Kay yon moun se fòtrès li.” Li te konbat lwa ki opresif e deba li yo te poze fondasyon pou Katriyèm Amandman “Bill of Rights” (Rezime Konstitisyon Etazini), ki pwoteje moun kont fouy ak konfiskasyon, ansanm ak demand pou tribinal otorize kèlkeswa manda e ki jistifyab ak evidans.
###
11-JS/476/HD/CM
|