|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 4 oktòb 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
“SCHOOL FOR ADVANCED STUDIES” PRAL FÈ DE SESYON ENFÒMASYON 13 OKTÒB POU ELÈV 10YÈM ANE ESKOLÈ KI ENTERESE ANTRE NAN KOLÈJ BONÈ
Miami – “School for Advanced Studies (SAS)” (Lekòl pou Etid Avanse), yon lekòl segondè aplentan, yo rekonèt nasyonalman, anwolman doub, pral fè sesyon enfòmasyon/aplikasyon samdi 13 oktòb pou ane lekòl 2013-2014 la, nan de (2) kanpous “Miami Dade College (MDC)” (Kolèj Miami Dade): Kanpous Nò, 11380 N.W. 27th Ave., 9è dimaten nan Lehman Theater (Building 5); ak Kanpous Wolfson, 245 N.E. 4th St. a 1è nan aprèmidi nan Bilding 3000, Chanm 3210.
Yo envite tout elèv 10yèm ane eskolè Distri a ki gen yon mwayèn jeneral 3.0 minimòm, pou yo aplike, e yo ka mete yo nan 11yèm ane eskolè a kondisyon yo pase Egzamen Admisyon nan Kolèj yo bay nan MDC a. Yo chwazi elèv sèlman selon aplikan ki satisfè kritè etabli yo avan. Plas yo limite.
Elèv ki nan SAS yo fè de dènye ane lekòl segondè yo pandan yo nan MDC e, nan plizyè ka, yo gradye an menm tan avèk toude, yon diplòm lekòl segondè ak yon diplòm “Associate of Arts” nan MDC.
Chak semès, elèv ki enskri nan yon minimòm twa kou kolèj anwolman doub pwofesè MDC anseye e nan kat kou lekòl segondè, pwofesè SAS anseye. Tout kou lekòl segondè yo se kou Plasman Avanse eksepte pou kou preparatwa “calculus” (kalkil) ak rechèch. Elèv yo resevwa ekolaj ak frè gratis, liv gratis, e, si yo elijib, otobis lekòl ak transpòtasyon nan “Metrorail” Lekòl Leta Miami- Dade finanse.
SAS lokalize nan kat kanpous MDC: Homestead, Kendall, Nò ak Wolfson. Pou plis enfòmasyon oubyen pou aplike, rele 305-237-0510 oubyen vizite sit Entènèt SAS la: http//sas.dadeschools.net.
###
12-JJS/479/DF/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |