|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 24 septanm 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
ELÈV M-DCPS DEMONTRE PWOGRÈ NAN EGZAMEN SAT KOMISYON KOLÈJ LA
Rezilta egzamen SAT Komisyon Kolèj la pibliye jodi a e elèv Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) yo demontre plizyè akonplisman:
- Yon pi gran kantite el èv segondè ki gradye nan M-DCPS (58 pousan) te patisipe nan SAT a an 2012, e nòt mwayèn yo te ogmante nan Lekti, Redaksyon ak Matematik.
- Elèv nan 63 lekòl M-DCPS te patisipe nan SAT a, avèk nòt mwayèn kote prèske yon ka nan lokasyon yo depase mwayèn eta a nan Lekti ak Matematik.
- An konparezon ak peyi a, nòt mwayèn elèv nan 13 lekòl segondè M-DCPS te pi wo pase mwayèn nasyonal la nan Lekti, mwayèn 11 lekòl te pi wo nan Redaksyon, e 10 te pi wo nan Matematik.
- Popilasyon divès elèv distri a te travay byen, avèk nòt mwayèn elèv Ispanik yo ki pi wo pase eta a nan lekti ak redaksyon, e te gen pi gwo ogmantasyon nan menm sijè yo pou elèv nwa yo.
###
12-JJS/481/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |