POUKISA: |
Evènman inogirasyon an pral rekonèt ansyen elèv M-DCPS ki te fè kontribisyon ekselan nan diferan domèn ak pwofesyon. Anplis, yo pral onore edikatè favori ansyen elèv la pou enspirasyon ak gidans li bay elèv la. Tikè pou evènman an se $75.
Selebrite yo ap gen ladan aktè Andy Garcia, ansyen Senatè Etazini Bob Graham, istoryen Dorothy Jenkins Fields, egzekitif Bank Rezèv Federal Juan del Busto, edikatè bèt ak plant sovaj Ron Magill, fondatè ak Ofisye Egzekitif Anchèf Amazon.com Jeff Bezos, jenetisyen molekilè Wendy Chung, jwè selèb “baseball” Andre Dawson, aviyatè Barrington Irving, ak otè Brad Meltzer, ansanm ak astwonòt Dominic L. Pudwill Gorie, Thomas K. Mattingly, William B. Lenoir ak Winston Scott. |