|
LEKÒL LETA OKLAHOMA PEYE PARYAJ AMIKAL NAN FINAL NBA YO MIAMI – An jen dènye, jis anvan Miami Heat te bat ekip Oklahoma City Thunder nan kat match youn apre lòt pou ranpòte Chanpyona Mondyal la, Sipèentandan Lekòl yo Miami-Dade Alberto M. Carvalho ak Sipèentandan “Oklahoma City Public Schools (OKCS)” (Lekòl Leta Vil Oklahoma) Karl Springer te fè yon paryaj amikal sou rezilta Chanpyona NBA a. Semèn sa a se te lè pou peye! Daprè règleman paryaj la, Sipèentandan Springer mete yon mayo Miami Heat sou li e anseye yon klas sou istwa Miami pou elèv nan youn nan lekòl li yo. Sipeentandan Carvalho suiv mesaj radyo televize a nan biwo Building Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la e li te ede anseye klas la. Yon elèv klas Jadendanfan nan Lekòl Elemantè North Highland te aprann sou “Everglades” nou an, kwokodil, wosiyòl nan eta nou an, ansanm ak sou ji zoranj, Thomas Edison ak sijè yo pi renmen an – “Mickey Mouse” ak “Disney World.”
# # # 12/JS/486/HD/RL |