|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 2 oktòb 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP FÈ
EKSPOZISYON CHEMEN KARYÈ ELÈV AK ADILT 2012
MIAMI – “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), an patenarya avèk “Miami Dade College (MDC)” (Kolèj Miami-Dade), pral fè Ekspozisyon Chemen Karyè Elèv ak Adilt 2012 la samdi 13 oktòb 2012, kòmanse a 10è dimaten pou 3è nan aprèmidi, nan Konplèks Syans Kanpous Nò MDC a, 11380 N.W. 27th Avenue, Miami, FL 33167.
Yo ankouraje paran ak elèv nan jadendanfan rive 12yèm ane eskolè, ansanm ak elèv adilt ki fini lekòl segondè pou ale nan evènman gratis sa a pou aprann plis sou pwogram ak sèvis Edikasyon Karyè M-DCPS ak MDC ofri, ki gen ladan yon seri kou pou degre “associate” ak “baccalaureate”.
Ekspozisyon an pèmèt patisipan yo jwenn enfòmasyon sou pwogram akademi karyè tankou Achitekti ak Konstriksyon; “Science, Technology, Engineering and Mathematics (STEM)” (Syans, Teknoloji, Jeni ak Matematik); Ospitalite ak Touris; Edikasyon sou Syans Agrikòl; Sèvis Piblik ak Jistis Kriminèl; Teknoloji Amizman ak Desen; Syans Sante/Medikal, ak anpil lòt pwogram ankò. Ekspozisyon an se yon opòtinite pou ede elèv chwazi yon chemen karyè pou lavni.
Pou plis enfòmasyon, rele 305-693-3030 oubyen vizite http://dcte.dadeschools.net.
###
12-JJS/488/DF/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |