|
***DIFIZYON FOTO***
Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman ak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho rankontre ak elèv nan Lekòl Elemantè Palm Lakes pandan yon selebrasyon Jounen Entènasyonal Mache Mennen Timoun Nou yo Lekòl. Jounen Mache Mennen Timoun Nou yo Lekòl pwomote edikasyon ak konsyantizasyon sou sekirite pyeton pou benefisye timoun ki mache ale lekòl chak jou. Pwogram entènasyonal la ogmante konsyantizasyon sou ladrès mache ansekirite ak wout ki gen sekirite pou elèv ak paran ale lekòl, ansanm ak mache kòm yon egzèsis ki pwomote bon sante ak bon kondisyon fizik. Anplis, mache ede anviwònman an nan redui sikilasyon ki gen rapò ak lekòl e polisyon e ranfòse enpòtans redui vitès sikilasyon ak obeyi limit zòn vitès lekòl yo. Sa ap fè 15 ane depi Madan Hantman patwone inisyativ sekirite sa a.
### 012-JS/492/GC/RL
|