POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 4 oktòb 2012        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

GRAN KONSÒSYÒM KOMISYON KONSÈY LEKÒL FLORID AP FÈ REYINYON ANYÈL POU PREPARE PWOGRAM LEJISLATIF 2013 YO A

MIAMI – Gran Konsòsyòm Komisyon Konsèy Lekòl Florid yo te fè reyinyon anyèl yo nan Miami  semèn pase pou prepare Pwogram Lejislatif 2013 yo a pou pwochen Sesyon Lejislatif Florid la ki  ap kòmanse ofisyèlman an mas ane pwochen, avèk reyinyon komite yo ki ap kòmanse deja mwa pwochen.    

Konsòsyòm nan te reyini pou yo te ka devlope gran tèm ki bay onz distri lekòl li reprezante yo plis  enkyetid e ki konte pou 40 pousan nan elèv e 50 pousan lejislatè atravè tout eta a.      

Nan reyinyon an yo te trete kesyon tankou fòmil pou finanse lekòl; diskresyon lokal nan kalkil   taks sou pwopriyete; soulajman lè gen siklòn/dezas pou ede distri lekòl avèk gwo domaj siklòn; manda konstitisyonèl sou kantite elèv ki dwe nan yon salklas; pwogram sibvansyon ak dispozisyon sou lekòl “charter”; devlopman mendèv ak evalyasyon pwofesè; responsablite ak pwogram egzamen eta a; ak règ ki gen rapò ak gouvènans.    

Prezidan Konsòsyòm nan Lawrence Feldman di, “Objektif reyinyon sa a se te pou jwenn yon teren antant avèk dis lòt distri lekòl nan Florid ki gen bezwen ak enkyetid ki sanble avèk pa Lekòl Leta Miami-Dade County yo e ki mete ansanm pou enfliyanse moun ki ap fè lwa nan eta nou an pou benefis elèv, paran, ak pwofesè nou yo.”      

 

###

12-JJS/493/TC/CM   

 

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès