POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 8 oktòb 2012        

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AK KOLÈJ MIAMI DADE PRAL FÈ
EKSPOZISYON CHEMEN KARYÈ ELÈV AK ADILT 2012

KIYÈS: 
Lekòl Leta Miami-Dade County e pwofesè ak anplwaye Kolèj Miami Dade, elèv, paran ak sitwayen ki enterese
KISA:
EKSPOZISYON Chemen Karyè Elèv ak Adilt 2012
KILÈ: 
Samdi 13 oktòb 2012
10è dimaten pou 3è nan aprèmidi
KI KOTE: 
Miami Dade College – North Campus, Science Complex Plaza 11380 NW 27th Avenue
Miami, Florida, 33167       
POUKISA:

Yo ankouraje paran ak elèv nan 6yèm rive 12yèm ane eskolè, ansanm ak elèv adilt ki fini lekòl segondè pou ale nan Ekspozisyon Chemen Karyè Elèv ak Adilt 2012 la pou aprann plis sou pwogram Edikasyon Karyè ak sèvis Lekòl Leta            Miami-Dade County ak Kolèj Miami-Dade, ki gen ladan yon seri kou yo ofri pou degre “associate” ak “baccalaureate”.
 
EKSPOZISYON gratis sa a pèmèt patisipan yo jwenn enfòmasyon sou pwogram akademi karyè tankou Achitekti ak Konstriksyon; “Science, Technology, Engineering and Mathematics (STEM)” (Syans, Teknoloji, Jeni ak Matematik); Teknoloji Amizman ak Desen; Sèvis Piblik ak Jistis Kriminèl; Ospitalite ak Touris; Edikasyon sou Syans Agrikòl; Syans Sante/Medikal, ak anpil lòt pwogram ankò. EKSPOZISYON an se yon opòtinite pou ede elèv chwazi yon chemen karyè pou lavni.  
 
Pou plis enfòmasyon, rele 305-693-3030.

 

# # #

12-JJS/494/DF/RL

Retounen sou Nòt pou Laprès