|
SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO PRAL ADRESE ALAS, MIAMI - Alberto M. Carvalho, Sipèentandan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) e prezidan aktyèl “Association of Latino Administrators and Superintendents (ALAS)” (Asosyasyon Administratè ak Sipèentandan Latino) pral adrese gwoup sa a, a 4è nan aprèmidi jodi a, nan lansman Nevyèm Somè Anyèl yo a sou Edikasyon Ispanik ki ap fèt nan Miami, Florid, kòmanse 10 rive 13 oktòb. Carvalho gen yon ane depi li se prezidan asosyasyon an. Carvalho di, “Kòm prezidan aktyèl ALAS, mwen kontan mwen te mennen somè ane sa a nan Miami-Dade County kote patisipan evènman an pral gen opòtinite pou yo vizite lekòl nou yo, obsève deprè inisyativ refòm espesyal nou yo ak kantite akonplisman distri lekòl nou an, e pran nòt sou enplemantasyon ki ka fèt nan pwòp sistèm lekòl pa yo. Atravè inovasyon, defans onèt ak devlopman pwofesyonèl estratejik, ALAS pran angajman pou asire tout elèv fè eksperyans edikasyonèl dekalite ki pral pèmèt yo mennen yon vi ki rich, pwodiktif”. Jodi a, plis pase 80 manm ALAS vizite 18 distri lekòl, kote yo aprann sou pwogram aprantisaj nan de lang, ar vizyèl ak pèfòmans, pwogram preparasyon pou kolèj, ak premye akademi yo. Yo te vizite Sant Aprantisaj Primè a ak Akademi original iPREP nan Konplèks Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la. Nan resevwa somè ane sa a ak kantite patisipan li yo, M-DCPS pral enjekte nouvo lajan nan ekonomi lokal fèb nou an bezwen anpil, konsa li ap ede efò devlopman ekonomik kominote nou an. Nou atann pou plis pase 700 patisipan vin nan konferans sa a. ALAS se òganizasyon nasyonal edikatè ki pi gwo e ki ap grandi pi vit, ki sèvi elèv Ispanik. Devlope an 2003, ALAS se rezilta yon ide yon gwoup administratè ak sipèentandan Ispanik/Latino kote vizyon ak “leadership” (sans direksyon) yo te jwe yon gwo wòl nan adrese bezwen pa sèlman popilasyon Ispanik/Laitno an, men tou bezwen edikatè ak administratè ki ap sèvi elèv Ispanik/Latino an patikilye e tout elèv an jeneral.
### 012-JJS/499/TC/RL
|