|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 12 oktòb 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
LEKÒL LETA MIAMI-DADE RESEVWA YON SIPÒ EKLATAN POU REFERANDÒM BON AN NAN MEN MAJISTRA CARLOS GIMENEZ AK KÈK LIDE ENFLIYAN KOMINOTE A
Lekòl Leta Miami-Dade County resevwa sipò solid pou referandòm bon ki pral fèt la nan men Majistra Miami-Dade County Carlos A. Gimenez ak kèk lidè kominotè enpòtan nan vizit Schools First (Lekòl an Premye) ki te fèt resamman nan Lekòl Segondè Miami Norland.
Vizit ki te fèt nan Lekòl Segondè Miami Norland nan te fè pati vizit Schools First “Building for Tomorrow” (Ann Konstwi pou Demen), ki pèmèt ofisyèl eli ak lidè kominotè vizite lekòl pou yo ka aksantye sou bezwen pou mete lekòl yo ajou atravè vòt referandòm bon an. Yo te fè anpil elòj pou vizit sa a nan envite Evèk Victor T. Curry, Manadjè Jeneral estasyon radyo 1490 WMBM pou prezante e difize sipò sa a nan etablisman lekòl la.
Men moun ki te la: Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la Perla Tabares Hantman, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Wilbert “Tee” Holloway, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Majistra Miami-Dade County Carlos A. Gimenez, Komisyonè Miami-Dade Barbara Jordan, Jean Monestime, ak Audrey Edmonson ansanm ak Majistra Oliver Gilbert nan Miami Gardens, Myra Taylor nan Opa-Locka, Majistra Adjwen Miami Gardens Lisa Davis, ak Komisyonè Vil Miami Michelle Spence-Jones. Pandan tout vizit la, sipò pou bon an te kontinye grandi avèk vizit: Senatè Eta Oscar Braynon, II, Reprezantan Eta Daphne Campbell, Dwight Bullard, ak Barbara Watson. Evèk Victor T. Curry, Prezidan Branch Miami-Dade “National Action Network” (Rezo Aksyon Nasyonal), andose “Bonds for Better School Initiative” (Bon pou Meyè Inisyativ nan Lekòl.”
“Building for Tomorrow” se yon komite politik yo te kreye pou ede pase yon Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya nan ankouraje rezidan Miami-Dade pou sipòte bon an. Pwofi ki ap soti nan bon an t ap sèvi pou modènize e konstwi lekòl atravè distri a, e sa gen ladan amelyorasyon teknoloji nan tout lekòl. Li esansyèl pou votè yo apwouve Bon GO a pandan Distri a ap chèche yon solisyon dirab alontèm pou ofri tout elèv Miami-Dade Lekòl 21yèm Syèk la.
###
12-JJS/502/DF/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |