|
LEKÒL SEGONDÈ CORAL REEF AK DISTRI LEKÒL LA AP TRAVAY AVÈK DEPATMAN SANTE POU ENFÒME PARAN SOU PREVANSYON MALADI MENENJIT Anplwaye Lekòl Leta Miami-Dade County ak Depatman Sante Miami-Dade County te rankontre maten an avèk paran ki konsène nan Lekòl Segondè Coral Reef aprè lanmò yon elèv vandredi ak maladi menenjit nan yon lopital lokal. Anplwaye Kad Siperyè Distri a ak anplwaye Depatman Sante te kontinye kenbe kontak e yo te disponib pou reponn kesyon pandan fen semèn nan. Anplwaye Depatman Sante Miami-Dade County pataje enfòmasyon enpòtan avèk paran yo sou maladi menenjit e yo idantifye elèv ki ta dwe pran tretman prevantif. Anplwaye Kad Siperyè Distri a ensiste pou di paran, yo pral pran tout mezi nesesè lendi maten pou sovgade sante elèv yo nan lekòl la. Anplis, yo poste enfòmasyon enpòtan sou sit Entènèt lekòl la nan http://crhs.dadeschools.net/ Depatman Sante klarifye maladi sa a pa gen rapò ak mikwòb menenjit nou te tande nan nouvèl resamman.
### 12-JS-505/RAM/SD
|