POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 18 oktòb 2012         

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS PRAL FÈ EVÈNMAN DEJNE POU “PRINCIPAL TODAY” (DIREKTÈ JODI A)    

KIYÈS: 
350 lidè biznis ak lidè kominotè nan Miami-Dade  
KISA:
Dejne Lansman Direktè JODI A
KILÈ: 
Jedi 1ye novanm 2012                                                       
8:00 – 10:00 dimaten
KI KOTE: 
Jungle Island
1111 Parrot Jungle Trail                                                              
Miami, FL 33132      
POUKISA:

Direktè JODI A (yo te rele lontan Direktè pou yon Jounen®) kontinye tradisyon  anyèl Pwogram “Dade Partners” (Patnè Dade) Miami-Dade County yo ki se, envite lidè biznis/kominotè sèvi kom direktè lekòl nan yon jou patikilye pou bati patenarya dirab biznis/lekòl ki ap benefisye elèv nou yo.  Dejne a ofri direktè ak lidè biznis opòtinite pou yo prepare yo pou jounen sèvis yo jedi 8 novanm 2012.  Yo ap fè evènman sa a avèk sipò Bank of  America e nan patenarya avèk “THE COALITION of Miami-Dade County Chambers of Commerce” (Kowalisyon Chanm Komès Miami-Dade County)

KONTAKTE:

Arlene Martinez, “Office of Community Engagement” (Biwo Angajman Kominotè), nan 305-995-3050 oubyen asmartinez@dadeschools.net.   

# # #

12-JJS/506/GC/CM   

 

Retounen sou Nòt pou Laprès