POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 12 oktòb 2012     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LIDÈ KOMINOTÈ KLE BAY LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY SIPÒ POU REFERANDÒM BON LI K AP VINI AN

Lekòl Leta Miami-Dade County resevwa sipò enòm nan men ofisyèl eli lokal, eta epi federal menmjan ak lidè atravè divès kominote nou an pou referandòm bon k ap vini an.
 
Resamman lidè lokal yo te reyini avèk Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pou diskite referandòm bon ki ap nan bilten vòt 6 novanm nan.  Kowalisyon lidè yo ofri sipò enpeyab yo pou referandòm Bon Obligasyon Jeneral 1.2 milya dola a, ki pral sèvi pou modènize e konstrui lekòl atravè tout distri a, ki gen ladan amelyore teknoloji nan tout lekòl ajou. Kowalisyon an ranfòse sipò yo baze sou angajman Sipèentandan an pran pou adrese lekòl ki pi gen bezwen atravè konte a e transparans, ekite ak aksè pou biznis ak opòtinite travay pou rezidan lokal.
 
Moun ki te prezan: Manm Komisyon Konsèy Lekòl Wilbert “Tee” Holloway, Reprezantan Etazini Frederica S. Wilson, Senatè Oscar Braynon, II, Reprezantan Eta a (yo) Daphne Campbell, Cynthia Stafford, Barbara Watson, Dwight Bullard, Majistra (yo) Oliver Gilbert nan Miami Gardens ak Myra Taylor nan Opa-Locka, ansanm avèk Komisyonè Vil Miami Michelle Spence-Jones.  Moun ki pat ka vini men li bay sipò l – nouvo eli Reprezantan Eta a Kionne McGhee.
 
Lidè Kominotè, Enjenyè Ronald E. Frazier ak Madan Adora Obi Nweze, Prezidan “Konferans Eta Florid pou “National Association for Advancement of Colored People (NAACP)” (Asoyasyon Nasyonal pou Avansman Moun Nwa) te met vwa yo tou nan pleyad sipòp yo.

###

12-JJS/507/DF/CF

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès