LEKÒL SEGONDÈ CORAL REEF AK DISTRI LEKÒL LA AP TRAVAY Lekòl Segondè Coral Reef ak Lekòl Leta Miami-Dade County ap travay deprè avèk Depatman Sante Miami-Dade aprè lanmò yon elèv ak maladi menenjit nan yon lopital lokal. Nou ap suiv pwosedi pou sovegade sante elèv yo nan lekòl la. Depatman Sante voye lèt bay fanmi elèv yo pou fè yo konnen sentòm maladi a, e pou ankouraje yo chèche atansyon medikal rapid si sa nesesè. Depatman Sante klarifye maladi sa a pa gen rapò ak mikwòb menenjit nou te tande nan nouvèl resamman. Nou notifye Ekip Sèvis Jesyon Kris Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County a e yo ap entèvni nan lekòl yo lè gen bezwen.
### 12-JJS/509/TLS/SD
|