|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 23 oktòb 2012 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
FINALMAN!!! – YO NOMEN LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY
GAYAN PRIM BROAD LA
Yo nomen “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) gayan prim “Broad” la pou Edikasyon Iben, Yon prim anyèl ki onore lekòl nan distri iben atravè peyi a, ki ap fè pi gwo pwogrè nan leve siksè elèv yo. Sa fè senkyèm fwa yo rekonèt M-DCPS kòm finalis. Distri a te finalis nan ane 2006, 2007, 2008, ak 2011.
Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Nan kenzan apre, fas peyi a ap fas Miami-Dade jodi a. Nou se modèl siksè pou yon kantite elèv tout kote ki merite meye kesa. Amerika se peyi inovasyon e avni Amerika ap siperyè, desa nou te eritye… Nou rejwenn konfyans kominote a anba pi move sikonstans ekonomik. E nou fè l san nou pa ranvwaye okenn pwofesè oubyen fèmen okenn pwogram lekòl akoz kondisyon ekonomi an.”
Prim Broad la onore lekòl distri iben ki demontre angwo pi bon pèfòmans ak amelyorasyon nan siksè elèv pandan li ap redui eka nan siksè ant gwoup etnik yo e pami elèv nan nivo ekonomi wo e ba. Pèfòmans elèv M-DCPS depase pa elèv nan plizyè gran vil yo nan “National Assessment of Education Progress (NAEP)” (Evalyasyon Pwogrè Edikasyon Nasyonal) “Trial Urban District Assessment (TUDA)” (Esè Evalyasyon Distri Iben) nan syans, matematik ak lekti.
Rezilta pozitif sa yo se yon testaman distri lekòl la ki konsantre apwòch li nan enstriksyon lekti, ki gen ladan kan lekti pou ete; entèvansyon lekti nan lekòl elemantè, mwayen e segondè, etou aksantye sou lekti atravè disiplin yo; e yo vize pou gide elèv lekòl mwayen pou pran klas nivo avanse ki ap ogmante pi devan pou yo pran kou Plasman Avanse nan nivo lekòl segondè; pwolonje opòtinite enstriksyon atravè pwogram lyen pou aprann, e Akademi Siksè Sipèentandan an.
Yo te anonse Gayan pou Prim Broad la nan Vil New York e li ap resevwa $550,000 pou bous etid kolèj pou elèv nan dènye ane lekòl segondè. Lòt finalis ane sa a gen ladan Corona-Norco Unified School District nan Southern Califonia, Distri Lekòl Endepandan Houston nan Houston, Texas e Distri Lekòl Palm Beach County, Florid. Twa finalis yo ap resevwa $150,000 bous etid kolèj.
###
12-JJS/512/GC/CF
Retounen sou Nòt pou Laprès |