|
YO REKONÈT PWOGRAM EDIKASYON FIZIK M-DCPS KÒM MODÈL POU ETAZINI NIKE Inc. ak 33 patnè global rekonèt Pwogram Edikasyon Fizik Lekòl Leta Miami-Dade County kòm modèl pou Etazini, nan yon rapò ki rele "Desine pou Bouje: yon Aganda Aktivite Fizik," nan Clinton Global Initiative” nan Vil New York. Rapò a, ki adrese epidemi obezite timoun kòm yon pwoblèm global, idantifye yon plan pou aksyon atravè lemond. Yo aksantye pwogram lòt peyi kòm ka pou etidye tankou Amerik Disid, Afrik, End, Angletè ak Lachin. Plis pase 70 ekspè ki soti nan yon gran varyete disiplin kontribye nan devlopman plan sa a. Yo se chanpyon ki pran angajman pou travay ansanm pou kreye yon nouvo fiti. Lasyans trè klè. Aktivite fizik fè plis pase kreye bòn sante. Li kontribye pou gouvènans, pwodiktivite ak inovasyon. Li redui depresyon ak krim, ogmante edikasyon ak nivo revni, e jenere retou nan biznis. Li relache potansyèl imen, e se sa ki pouse ekonomi pi devan. ### 12/JS/513/HD/SD
|