POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 22 oktòb 2012                

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

FWA EDIKASYONÈL “NEW FUTURO” POU FANMI ISPANIK, 27 OKTÒB

KIYÈS: 
Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County, paran ak sitwayen ki enterese
KISA:
Fwa Edikasyonèl “New Futuro” pou Fanmi Ispanik
KILÈ: 
Samdi 27 oktòb 2012              
10:00 dimaten – 6:00 diswa  
KI KOTE: 
Miami Dade County Fair & EXPO
10901 SW 24th St.
Miami, FL 33165          
POUKISA:

Fwa Edikasyonèl New Futuro, Allstate prezante yo, se kote pou jwenn tout bagay elèv ak fanmi Ispanik bezwen pou yo ka navige sou chemen edikasyonèl la pou rive nan kolèj, e pou peye pou li.  Evènman sa a gen ladan plizyè santèn reprezantan bileng ki soti nan ajans edikasyonèl, ki gen baz nan kominote a, ak ajans gouvènman, ansanm ak inivèsite, kolèj, ak òganizasyon kominotè.  Anplis, yo ap fè plizyè douzèn ti sesyon edikasyonèl avèk ekspè nan kolèj karyè.  Yo tout ap disponib pou reponn kesyon e ede elèv prepare pou kolèj e apre kolèj.  

 

# # #

12-JJS/515/GC/CM   

 

Retounen sou Nòt pou Laprès